mardi 30 mars 2010

AUMOHD- KÒD TRAVAY LA AN KREYÒL




EKSTRÈ KÒD TRAVAY LA AN KREYÒL

OBJEKTIF TRAVAY SA A :
FASILITE OUVRIYE AK TRAVAYÈ YO
LI E KONPRANN SA KI NAN KÒD TRAVAY LA.




Se Sant Solidarite FLA-CIO ki finanse Projè sa.







Se AUMOHD ki Egzekite projè sa a







Septembre 2009

EKSTRÈ KÒD TRAVAY REPIPBLIK AYITI

SA KI NAN TI LIV SA-A


Premye Tikoze ……………………………………………………………………… 4

1.- KONTRA POU TRAVAY …………..…………………………………………. 4

Kisa Kontra travay la ye ? …………………………………………………………. 4
Kijan l fèt? ………………………………………………………………………….. 4

2.- KONTRA AK YON SÈL MOUN : …………………………………………… …. 4

Fòm ak kondisyon ………………………………………………………………….. 4
Devwa Patron an …………………………………………………………………….. 6
Devwa Travayè a ……………………………………………………………………. 6

3.- LÈ YO SISPANN TRAVAY POU YON TI TAN : ……………………………… 7

Lè kontra travay yo kaba ……………………………………………………………..7
Kilè ak kijan kontra travay la kaba. …………………………………………………. 7
Preyavi ……………………………………………………………………………... 10
Dedomajman…………………………………………………………………………10

4.- KONTRA TRAVAY AK PLIZYE MOUN : …………………………………….. 11

Kisa kontra kolektif la ye ? ………………………………………………………… 12
Kouman l fèt ? …………………………………………………………….…. 12
Nan ki kondisyon l fèt ? …………………………………………………………… 12
Devwa chèf antrepriz la …………………………………………………………… 14

5.- KONDISYON POU TRAVAY (ANBOCHAJ) : ………………………………… 14

Tan travay yo dire ………………………………………………………………… 14
Jou repo nan semèn nan ak jou fèt ………………………………………………..…15
Jou konje yo dwe peye ……………………………………………………………...16
Sa yo dwe bay ouvriye a pou travay li fè a (salè) …………………………………. 17



6.- LÈ GEN KONFLI NAN TRAVAY LA : …………………………………………17

Kisa konfli travay la ye ? ………………………………………………………….. 18
Konfli ak yon sèl travayè ……………………………………………………...........18
Konfli ant plizyè ouvriye ak patwon ……………………………………………… 18
Moun ki jwe wòl abit pou mete fen nan konfli yo ………………………………… 18
Konsèy siperyè pou mete fen nan konfli yo………………………………………… 19

7.- SENDIKA YO: …………………………………………………………………….. 20

Kisa yon sendika ye? …………………………………………………………….…20
Ki enpotans li genyen pou ouvriye ? …………………………………………….… 20
Regleman pou sendika yo fonksyone………………………………………………..22

8.- Moun kap Trvay nan Kay kom domestik …………………………...………… 24
Moun Kap travay nan kay kòm Sèvant ak Jeran …………………………………. 24
Fanm kap travay kay moun (Sèvant) ………………………..…………………….. 25
Timoun ki poko gen 18 tan kap travay kay moun ………………………………... 27
Travay timoun minè andan izin yo ……………………………………………….. 28
Travay moun fè lakay yo (Travay Adomisil) ……………………………………... 30

9.- KONTWÒL SOU ANTREPRIZ YO : ………………………………………….. 30

Regleman anndan izin oswa atelye yo …………………………………………….. 31
Sa ouvriye a dwe benefisye andan izin nan ………………………………………... 31
Livrè (Ti-liv) travay la ………………………………………………………………32
Kondisyon lapwòpte ak sekirite nan travay la ……………………………………... 33
Asirans (ONA / OFATMA) ……………………….…………………………35-36-37

10.- Boni oubyen 13e mwa a……………………………………………………………. 38


11.- TRIBINAL TRAVAY LA : ………..………………………………................... 38

Kisa Tribinal Travay la ye ? ………………………………………………………. 38
Ki wòl li jwe ? ……………………….……………………………………………. 39
Kouman yon ouvriye ka pote yon afè devan yon Tribinal ………………………... 39











Ti koze sou travay sa.-

Travay sa-a gen pou premye objektif ede Travayè, travayès yo, Ouvriye ak Ouvriyè yo li e konprann tre byen kòd travay la. Epi tou bay yo you zouti legal nan lang yo ka diskite, konprann e exsplike. Travay sa –a vize tou edike yo, ak vilgarize sa kòd la di sou dwa ak devwa travayè ak travayès yo, sou dwa ak devwa patron yo. Sak te motive AUMOHD prezante projè sa a bay Sant Solidarite Intenasyonal ak Travayè yo, se you konsta ki montre Ouvriye yo ak Travayè te totalman iniore sa kòd travay la di menm sou sa ki pi enpotan pou yo. Konsa souti legal sa-a pat ekziste pou yo. Se konsa nou te deside ekri kòd travay la nan mo popilè sa vle di fasil e senp pou ede tout moun li’l ak konprann li. AUMOHD ap profite di Madam Catherine L. FEINGOLD you gwo mèsi pou atansyon ak enpotans li te pote pou pwoje sa-a, nap di tout ekip kite travay nan tradiksyo ak aranjman yo mesi anpil tankou, Mèt Evel FANFAN, M. Castel CELESTIN, Mèt Toussaint JEAN EVEQUE, Mèt Paul LAMOTHE, Madam Erose SINO ak Gaelle M. CELESTIN. Gwo mèsi pou tout responsab sendika kite fè komantè ak sijesyon yo sou travay sa, gwo mèsi tou pou Ose PIERRE pou koreksyon ak konsèy li yo. Travay sa you èv pafè ni you solisyon pou tout pwoblèm travayè yo, konsa AUMOHD ak patnè li yo sitou CSI, ap kontinye travay pou ede Travayè yo nan lit ak batay pou dwa ak diyite yo respekte jan sa dwe ye.

Lwa No. 1

Atik 13.- Yon kontra travay se yon antant ki fèt nan bouch oswa sou papye ke yon moun pran kòm angajeman pou vann fos kouraj li bay yon lòt moun ak kondisyon pou l peye l pou fos kouraj li vann li yo.

Atik 14.- Kontra pou travay ka siyen ant Patwon ak yon travayè; oubyen ant yon gwoup travayè ak yon Patwon ou byen pliyè Patwon.
Pyès moun, ni sosyete, ni ajans oswa biwo kap pran moun pou travay, pa gen dwa anboche moun pou travay, ni bay kelkeswa djòb la sou non yon lòt moun, ou yon Patwon ak yon biznis kèlkonk si li pa gen nan men l, yon lisans ke Direksyon Travay ak Mendèv nan Ministè Afè Sosyal ba li. Operasyon bay djòb la dwe fèt gratis pou travayè a.

Fòm ak Kondisyon Kontra yo:

Atik 15 .- Pyès moun pap ka benefisye yon kontra pou l travay si li pa gen nan men l yon ti liv travay ke Ministè Afè Sosyal delivre-l nan fòm nan kondisyon ak tout sa la lwa di.

Atik 16.- Kontra travay pou yon sèl moun fèt pou klè. Li dwe montre kote dwa ak devwa chak pati yo kòmanse, kote yo fini. Kontra travay la ka siyen osinon fèt pou yon tan kout oswa pou yon tan ki long.
Yon kontra travay ki fèt pou yon tan ki long se lè 2 pati yo pat antann yo davans sou kilè travay la ap fini, konsa, patwon-an oswa ouvriye ka mete fen nan kontra sa a apre avetisman legal.

Atik 17.- Kontra travay ki fèt pou yon ti bout tan an, se lè 2 pati yo, travayè ak patwon antann yo epi yo fikse davans tout kondisyon yo, san youn pa fòse lot.

Atik 18,- Lalwa oblije 2 pati yo respekte sa yo siyen an, sa ki ekri, e sa ki pale sou fòm kontra vèbal (antant nan bouch) nan jistis, bon kondwit ak respè pou lalwa.

Atik 19.- Yon Patwon se chef entrepriz la ki siyen kontra ak ouvriye a.
• Yon antreprenè oswa “Òmdafè” se yon moun ki achte tan ak sevis youn osinon plizyè lòt moun pou ekzekite yon travay pou you Patwon.

• Yon anplwaye oswa yon travayè se yon moun ki syen you kontra ak yon patwon pou-l vann fòs kouraj li pou yon tan ki kout oubyen ki long ak kondisyon pou patwon an peye-l pou fòs kouraj li. Travayè-a ka travay sou direksyon you sipèvizè.
• Yon travayè kap travay nan you pri fiks se you anplaye a la tach. Li pran angajeman ak yon chèf pou-l fè yon travay ke yo antan yo sou li devans.

• Yon travayè « alapyès », se yon moun ki pran angajman pou-l fè yon travay nan yon izin, nan yon konpayi oswa nan nenpòt ki antrepriz faktori ou komès pou yon pri yap peye-l pou chak pyès li fè.

• Direktè yo, Jeran yo ak administrate yo kap dirije yon travay sou non yon Gwo-Patwon se reprezantan dirèk Patwon sa-a. Nan kondisyon sa-a se yo menm ki gen tout reskonsablite patwon an anfas travayè yo.

Atik 20.- Moun ki gen dwa siyen yon kontra pou travay se:

• Moun ki gen tèt drèt (ki pa fou)
• Timoun ki poko gen 18 tan Afè Sosyal (Direksyon Travay) ak paran osinon Granmoun ki reskonsab timoun sa yo bay otorizasyon. Fò travay la pa deranje timoun yo nan zafè lekòl yo.

Atik 21.- Yon kontra travay fèt pou ekri nan lang moun nan ka pale e konprann. Li dwe ekri sou papye blan pwòp, sou 2 papye orijinal ; yonn pou rete nan men travayè a; youn pou patwon an.

Atik 22.- Kontra travay la dwe gen enfòmasyon sa yo:

a) Non ak siyati, Laj, si se fi oubyen gason ; Metye ; si moun nan marye oubyen selibatè ; Adrès kote-l rete ak kote lap viv ; nimewo kat Idantite l ou Kat Elektoral li, chak nan moun ki siyen kontra yo, ansanm ak ti liv travay la (liv travay).
b) Enfòmasyon ki presize kote travayè a si l pran angajman pou-l vann fos kouraj li oubyen ekzekite yon kontra nan yon zòn oubyen yon lokalite li pat deja ap viv ladann.
c) Konbyen lè nan jounen an lap travay ak siplemantè lap gen pou-l fè
d) Ki kalite travay lap gen pou-l fè-a, ki kondisyon, konbyen kòb yap peye-l ; ki èd lap resevwa nan men patwon an sou fòm asistans materyèl pou fasilite-l nan travay li ansanm ak lòt pwen ke tou de pati yo ap jije nesesè.
e) Nan tout zòn kote travay la ap fèt, si yap gen deplasman pou l ale lòt kote.
f) Kilè, kikote kontra-a travay la ap fini.
g) Non ak siyati tout pati ki siyen kontra yo anprent dijital pou moun ki pa konn li ak ekri. Moun osinon travayè ki paka siyen non-l dwe chache 2 temwen pou kanpe avè-l lè lap mete anprent li sou kontra-a.

Atik 23.- Pou bay prèv ke ou gen you kontra ki ekri, fò kontra li menm ekziste.
Tout lòt fòm prèv ki gen valè bon tou pou tabli ekzistans kontra nan bouch la tou (sa yo rele kontra vèbal).

Atik 24.- Si pa gen yon kontra ekri davans sou salè, sa vle di sou sa yap peye yon moun pou yon travay lap fè, travayè a, ke yo rele salarye tou, ap gen dwa touche yon kòb ki egal ak salè yo peye lòt moun nan zòn nan osinon nan menm lokalite ki ap fè menm travay avè l; oswa lajan ke yo konn abitye peye amplwaye ak travayè pou menm djòb la.

Atik 25.- Tout kontra travay ki signen sou Tè Dayiti e ki angaje moun pou al travay nan yon peyi etranje, fèt pou ekri an twa (3) original epi yon n nan orijinal sa yo ap depoze nan Direksyon Travay pou l anrejistre l.

Kontra sa-a pou-l gen valè dwe eksplike aklè mwayen ak frè transpò ale ak tounen pou travayè a, frè pou manje l ak kay lap rete ; ki swen sante lap resevwa, lap dwe mansyone tou kilès kap reskonsab pou peye lajan lopital li tou si l ta tonbe malad ; tout frè sa yo fèt pou sou reskonsabilite patwon an.

Direksyon Manèv ak Travay nan Ministè Afè Sosyal dwe bay dizon l sou tout negosyasyon kap fèt sou travay ki pra-l fèt aletranje a, lòtbò fwontyè, ke se kontra pou yon sèl moun oswa pou plizyè moun andeyò peyi-a.

DEVWA TRAVAYÈ-A

Atik 30.- Moun yo anboche nan izin, nan atelye oubyen lòt antrepriz kòm jounalye ou kòm anplwaye gen pou devwa:

1- Respecte lè yo mande l pou l kòmanse travay, ak lè travay lage, epi kolabore san fè kòken pou yo respekte tout sa lalwa mande ak tout regleman travay la.
2- Ekzekite travay li avèk swen, san neglijans, pwòp epi avèk rapidite dapre sa kontra travay la di.
3- Mete patwon an okouran de tout sa yo wè ki pa bon nan materyèl yap travay la ak nan zouti, machin yap sèvi ; yon fason pou pa gen pyès vye defisi nan izin nan.
4- Respekte Patwon yo ak tout kamarad ki ap fè menm travay yo.
5- Obey epi respekte tout lòd ak endikasyon travay la.
6- Travayè a pa dwe janm al pale sekrè travay la nan lari. Li pa gen dwa di moun deyò ki sekrè izin nan sou jan lap travay ak pwodwi komès li. Travayè a pa dwe rantre nan konpetisyon sa vle di fè konkirans ak izin oubyen antepriz kote lap travay la. Li dwe konpòte l yon fason dwat, onèt anvè izin.
7- Travayè oswa ouvriye a ka dedomaje Patwon an lè li fè exsprè koze aksidan nan kay kote lap travay la, matyè tankou twal, pyès elektronik ak tout zouti lap sèvi pou pwodiksyon, ak komès djòb la.
8- Travayè-a dwe ranpli tout ti pwen, tout obligasyon ak tout kondisyon ki nan kontra oubyen papye li siyen lè l tap pran travay la.

Devwa Patwon

Atik 31.- Patwon yo gen pou devwa:

Di aklè tout regleman ki ap aplike anndan travay la, ki jan kondisyon travay yo ye e pou l fè travayè-a konnen davans.
Pemèt moun lap anboche yo jwenn bon local ki koresponn ak travay yo pra l fè a. Li dwe fè yo jwenn bonjan machin ak zouti nan bon kondisyon lapwòptaj ak sekirite pou travay la fèt.
Peye travayè a kòb li chak lè pewòl ap fèt, daprè sa ki te siyen nan kontra a, aprè ke sèvis kontablite nan izin nan fin retire tout sa ki pou leta nan kòb la, daprè sa lalwa mande nan atik 143 ak 147 nan kòd travay la.
Aji ak travayè a avèk anpil respè; pa fè travayè sibi move trètman ni nan bouch (vèbal) ni nan kò li (fizik)
Respekte epi ranpli kontra a san manke yon yota.

Lè yo sispann travay pou yon ti tan
Kontra pou yon sèl moun

Atik 32.- Rezon ki ka fè yo kanpe travay nan yon antrepriz san sa pa angaje reskonsablite ni yonn ni lòt nan de pati ki siyen kontra yo, se sa yo :

Lè pa gen materyo pou travay la fèt san se pa patwon ki lakòz.
Lè yon ka fòs majè oblije yo kouri kanpe travay pou you ti bout tan. Nan tou 2 ka sa yo, pati ki enterese a dwe avèti Direksyon travay ak mendèv prese prese, yon fason si ta gen kontestasyon nan domèn sa a, ap gen devwa pou l soumèt ka a devan Tribinal Espesyal pou l ka fè sa la lwa mande. Se Tribinal la kap deside sou sa ki dwe fèt.

Atik 33.- Kontra travay kapab sispann yon titan, sa ap fet selman jou kote aksyon ki oblije sa a te rive a.
Tout sispansyon travay ki depase 30 jou, travayè a ka konsidere’l kom you revokasyon oubyen you rezilyasyon ki anile kontra travay la.
Men kanpe travay sa (sispansyon tanporè) yo ka lonje l pou yon tan ki long ke yo dwe kalkile davans, aprè Direksyon Travay Afè Sosyal fin mennen ankèt li, men li pa dwe depase yon mwa. Lè travay ap relouvri tout ouvriye ak travayè yo te sispann yo ap konsève menm travay yo.

Si travay la pa relouvri aprè dat Afè Sosyal te fin fikse a, Patwon an dwe peye pou pi klè ap peye ouvriye, travayè, ak lòt moun ki ap travay avè l, tout prestasyon legal yo, sa vle di peye yo : Preyavi, Konje, Boni ak lòt Dedomajman ki mansyone nan kod travay la.

Atik 34.- 24 trè pou pipiti avan travay la relouvri Direksyon la dwe fè anons nan jounal, nan Radio ak ekri lèt pou voye bay travayè yo pou enfòme yo dat travay la ap relouvri. Direksyon an dwe afiche devan pòt travay la enfòmasyon yo, li ka itilize tout lòt mwayen li jije ki bon, ki dirèk pou avèti tout travayè yo.

Tout travayè, ouvriye oubyen anplwaye ki kite 8 jou pase aprè yo fin resevwa avètisman travay la ap louvri, ki pa prezante, nan pòs yo, yap konsidere kontra yo a anile.

Atik 35.- Si yon travayè ta tonbe nan prizon pou yon ti bout tan pandan 30 jou, kontra travay li ak izin nan ap sispann san ni yonn ni lòt nan pati yo pa reskonsab.
Si lajistis ta kondane travayè a pou -l pase yon tan nan prizon, patwon an gen dwa anile kontra a.

Tout travayè oubyen Ouvriye nan kelkeswa kote lap travay la, lajistis kondane l pou l pase yon tan nan prizon, li gen pou devwa pou l avize pa lèt oubyen lòt mwayen, patwon lap travay avè-l la twa (3) jou aprè Tribinal fin kondane-l. Li dwe eksplike klèman rezon ki fè l pa ka prezante nan travay li nan 2 jou pou pipiti si li pa fè sa ki di la yo, yap konsidere kontra travay la nil, san valè epi pyès moun pap reskonsab.
Si travayè yo kondane a mande sa, Tribinal la ap bali yon sètifika oswa atestasyon kòm prèv de tout sa ki nan atik sa a.

Atik 36.- Yon ouvriye, travayè oubyen jounalye ki tonbe malad pa gen dwa gen pyès chay, ni sanksyon ki pran kont li depi li prezante sètifika medikal, sa vle di papye Dokte bali ki fè wè aklè li pa ka kontinye travay pandan yon peryòd twa (3) mwa, pa plis. Si Patwon an konteste sètifika Doktè a, se yon sevis nan leta ki dwe bali yon lòt sètifika.

Aprè travayè-a fin pase twa (3) mwa deyò san l pa vin travay jan lalwa prevwa sa, patwon an gen dwa anile kontra travayè a. Li gen devwa pou l peye l konje maladi, ak tout lòt prestasyon legal leta mande patwon an ke travayè-a gen dwa resevwa.

Koman yo ka koupe oubyen rezilye kontra travay yon moun.

Atik 37.- Yo kapab anile oubyen rezilye kontra travay moun nan fason sa yo :

a) Lè kontra a menm ak la lwa exzije sa.
b) Avèk konsantman tou de (2) pati yo Travayè ak Patwon. (sa vle di demisyon)
c) Si yonn nan moun ki te siyen kontra yo vle sa fèt konsa.

d) Atik 38.- Kontra travay la ka kaba oubyen rezilye Lè kontra a menm ak la lwa exzije sa. Sa vle di :

Lè Kontra a rive nan bout li.
Lè djòb, osinon travay ki te fè yo siyen kontra a fin fèt jan sa te di nan kontra a
Lè patwon ak travayè rive an fas yonn nan rezon ke kontra a di a epi ki ka pèmèt yo anile l san pwoblèm.
Si travayè a tonbe li mouri oubyen devan yon ka fòs majè epi li bay prèv la.
Si yo oblije fèmen travay la oswa izin nan, paske patwon an mouri nan kat (4) premye ka sa yo, lè kontra travay la kaba, chay la oubyen reskonsablite yo pap tonbe ni sou travayè, ni sou patwon kite siyen kontra a. 2 dènye ka yo, sa vle di pwen 4 ak pwen 5 rete anba dispozisyon lalwa sou preyavi.

Lè se Patwon ak travayè ki dako pou anile kontra a san pwoblèm :

Atik 39.- Lè se 2 pati yo ki jwen yon konsantman pou yo anile kontra-a, sa dwe fèt sou papye si premye fwa de (2) pati yo tap chita se sou papye kontra a te siyen ; li ka fèt nan bouch, sa dwe fèt devan de (2) temwen.

Atik 40.- Ni patwon, ni travayè pap dwe lòt anyen lè se yo de (2) a ki met tèt ansanm pou yo anile kontra travay la.

Lè se yonn nan pati yo ki deside kanpe sou kontra travay la :

Atik 41.- Travayè ki deside anile kontra li te siyen an swa pou yon bout tan, oubyen san limit lan, san li pa gen pyès chaj ki tonbe sou do-l, dwe enfòme Afè Sosyal rezon sa.
Men Kondisyon yo.-
1- Lè Patron pa ba l tout lajan’ l dwe’l, nan jou ak dat li dwe fè sa-a.
2- Lè patwon-an oubyen oubyen you moun lakay li, anpeche l fè travay kom sa dwa, paske, youn nan yo ap di betiz oubyen mo sal, e menm rive leve men sou li. Si yo anmède l tou tan, ap joure l ni di l betiz sal, ap fè-l menas nan bouch, ak zam ou ak machin patwon an travay la rann li lavi inposib.
3- Lè Patwon-an, oubyen moun kap kolabore avè- l yo sabote zouti ak materyo li sèvi pou l fè travay li yo.
4- Lè Patwon an yonn nan moun nan fanmi l ki ap travay avè l, lòt travayè li oblije kolabore avèk yo nan kad travay la soufri ak gwo maladi atrapan, yo ka kontamine nenpòt ki lè.
5- Lè sekirite l, sante ak sante fanmi l menase paske patwon an pa janm fè netwaye travay la. Se nan salte ak fatra yap travay, zòn kote travay la ye a se yon zòn ki gen anpil danje, li gen anpil dlo sal ak fatra ki ap degaje move sant, oswa tou paske patwon pa obsève pyès mezi pou anpeche travayè yo tonbe malad, ni mezi sekirite pou proteje lavi yo.
6- Lè Patwon an pa respekte anyen nan sa ki ekri nan kontra travay la epi ni li pa respekte anyen nan sa lalwa di nan regleman travay a kòd travay Atik la. Atik 31.

Lè se patrwon ki deside anile kontra travay la :

Atik 42.- Lè se patrwon an ki deside anile kontra travay ki etabli ant limenm ak travayè l pou yon ti bout tan oubyen pou yon tan ki long, san l pa gen pyès chay ki tonbe sou do l, ni peye travayè a preyavi ak domaj entere, li dwe enfòme Ministè Afè Sosyal (Direksyon Travay) de rezon sa yo :
Travayè a pandan lè travay yo, li atake Direkte a oswa Patrwon an, li frape yo, li blese yo, li fè move zak sou lòt moun kap travay men m kote avè l, li kanpe devan tout moun lap di betiz ak mo sal, lap menase moun, li vin kraze tout prensip legal nan travay la, li bloke travay tout lòt moun ki nan antrepriz la.
Lè travayè a fè yon zak kont, oswa li atake byen patrwon an. Lè travayè a fè eksprè oubyen neglijans li lakoz machin travay la pran pann, kraze, boule. Lè travayè a lakoz machandiz ak pwodwi e materyèl travay la pèdi, gaspiye, boule, kraze, elatriye. Lè move konpòtman travayè a mete anperil oswa menase sekirite moun ak kay kote travay la ap fèt.
Lè, san travayè pat mande patwon an pèmisyon, li rete lakay li pandan twa (3) jou san l pa vin nan travay li.
Lè travayè a, aprè Direktè l fin ba li avètisman sou papye oswa nan bouch devan de (2) temwen refize respekte mezi ki pran anndan izin nan pou sekirite travay la ak tout moun ki ladan l, lè travayè a refize mache anba bon regleman kap fè izin nan mache byen.
Si patwon an dekouvri travayè a te ba l manti, le yo tap signen kontra a, si’l te di l li gen yon metye e se pat vre, li bay fo papye, fo diplòm, lè jan travayè a sèvi li montre li pa ka fè travay yo ba l fè a vrèman. Men mezi sa yo pa konsène moun ki deja pase plis pase kat (4) mwa yonn deyè lòt ap vann kouray nan travay la.
Lè travayè a te kondane pou l pase plis pase yon mwa nan prizon aprè Tribinal te fin jij l
Lè travayè a pa fè sa l te siyen an, kontra travay la, lè l pa respekte angajman l ak tout sa atik 30 kòb travay la di.

Atik 43.- Direksyon Travay ak Mendèv, depi l fin konnen ke kontra ant travayè a ak patwon oswa yon gwoup travayè ak patwon nan atelye yo, anile, lap mande sèvis Enspeksyon Jeneral Travay pou l mennen yon ankèt sou sa ki fè kontra travay la anile. Si gen chire pit ak goumen nan mitan de (2) pati yo, la fè apèl rele sèvis konsilyasyon ak yon medyatè (abit lè gen kont) pou ya l mete antant nan mitan pati yo. Si lòt antite sa yo pa rive jwenn antant sa, yap pote afè a devan Tribinal Espesial Travay.

Sa la lwa ekzije lè yo revoke yon travayè

Preyavi

Atik 44.- Akote sa la lwa di nan atik 41 ak 42 kòd travay la, patwon an oswa ouvriye a ki deside kanpe nan travay li dwe avèti lòt la davans , li gen 90 jou pou fe sa, nan lèt ekri, oubyen vèbal: sa a rele preyavi.
Yo ka bay preyavi a konsa nan bouch an prezans 2 temwen, si kontra travay la te vèbal; sa vle nan bouch. Men se pou ouvriye a te gentan travay pandan 3 mwa pou pipiti.

Atik 45.- Men ki jan yo dwe kalkile e peye preyavi:
1- Sòti 3 mwa rive 12 mwa travay...............................15 jou.
2- Sòti 1 nan rive 3 zan travay.................................yon mwa.
3- Sòti 3 zan rive 6 zan travay.....................................2 mwa.
4- Sòti 6 zan rive 10 zan travay...................................3 mwa.
5- Sòti 10 zan travay................................................... 4 mwa.

Atik 46.- Si se patwon an ki revoke ouvriye a li dwe peye’l tout dedomajman’l
kalkile a pati dènyè fwa’l te touche. Pou ouvriye a benefisye preyavi a se lè’l
travay nòmalman pandan tout peryòd la lwa ekzije pou preyavi a.

Atik 47.- Lè ouvriye a ap touche a la pyès oswa swivan sa’l ka fè, preyavi yap
peye’l la fèt pou’l kalkile daprè sa’l tap touche pandan tout, peryòd li tap travay la, kontwole sou tarif jounen travay li.

Konje

Tout travay ki genyen yon karaktè pèmanan dwe prevwa yon peryòd nan ane travay la pou chak ouvriye pran konje. Tout travayè, aprè yon ane travay gen dwa benefisye yon konje peye pandan 15 jou nan konje sa jou dimanch ak jou ferye pa konte. Jou ferye leta rekonèt ak jou maladi plis konje pou akouchman pa fèt pou dwe konte nan konje travayè a.

Si travayè a gen yon rezon ki fòse’l kite travay li avan’l pran konje li dwe touche nan kòb preyavi yap peye la, lajan konje a tou.

Tout antant ant patwon ak travayè ki ekzije pou ouvriye abandone jou konje anyèl peye yo ou ki mande pou ouvriye a renonse a dwa li genyen pou’l benefisye konje a, pa gen pyès valè, li nil


Kontra travay ak plizyè moun (Kontra kolektif)

Atik 53.- Kontra travay ak plizyè moun ke yo rele kontra kolektif se yon antant ki etabli sou kondisyon pou travay ant :

1- yonn oswa plizye Òganizasyon sendika ak gwoup travayè ki ap pran djòb nan men yon patwon ou yon izin, oswa si yo pa la se moun yo bay manda ki pou al negosye nan plas yo.
2- Yonn oswa plizyè Òganizasyon Gran Patwon, plizyè gwoup nan patwon oswa plizyè moun ki ap travay nan lòt kote. Kontra sa gen dwa gen ladan lòt atik ak antant ki bay travayè ki pou siyen yo plis avantaj pase sa leta, nan kòd travay la bay, men se respè kòd travay la ki dwe regleman No.1 nan kontra ak antant sou travay ki ap etabli.

Atik 54.- Moun ki gen pou reprezante gwoup, Òganizasyon ou Sendika non si la yo , kapab siyen kontra sou non gwoup la ak oganizasyon yo reprezante a nan fason sa yo :

Swa daprè sa estati ak regleman pou Òganizasyon sa yo tabli ak fonksyon, yo te depoze lè yo tap anrejistre nan Afè Sosyal,
Swa daprè yon desizyon espesyal de Òganisasyon sa a.
Swa avèk yon otorizasyon espesyal ke yo rele manda ke tout manm, epi chak manm nan òganization an bay apa, oswa pa tout travayè ke sa enterese.
Kijan kontra kolektif fèt

Atik 55.- Kontra travay kolèktif la fèt pou l ekri nan lang yo pale nan peyi Dayiti tankou kreyòl ak franse pou-l ka gen valè l. yo pa bezwen mete tenb leta sou li.
Li kapab fèt pou yon tan yo fikse davans oswa pou yon tan yo pa fikse davans long egale a “gwo kontra”. Le kontra kolektif la tabli pou you tan ki fikse davans, dire kontra a pa dwe pipiti pase « yon lane », li pa dwe plis pase senk (5) lane. Si pa genyen yon pwotokòl, sa yo rele « akò ak règleman klè » ki di konbyen tan lap dire, yap konsidere ke kontra a siyen pou en (1) nan.

Atik 56.- Ti kontra travay ki rive nan bout li, yo kapab renouvle l pou menm kantite tan an ankò si pa gen pyès pwoblèm legal ki kontrarye sa.

Atik 57.- Yo ka kanpe gwo kontra a, sa vle di kontra travay ki siyen pou yon tan ki long la, nenpòt ki lè, tou lè (2) pati yo mete yo dakò sou sa, epi dapre sa yo te prevwa davans sou ka sa a, san ni patwon, ni travayè pa tonbe anba santans lalwa sou travay la (kòd travay) nan sa l mande ki pou fèt lè kontra travay ap kanpe ak preyavi tou.

Atik 58.- Kontra travay la dwe prevwa oubyen di davans ki jan, ki lè ak nan ki sikonstans yo ka denonse l, sa vle di montre sa ki pa bon ladan l, renouvle l pou menm tan an oubyen revize l, sa vle di mete oswa wete kèk atik ladan l.

Atik 60.- Ministe Afè Sosyal kapab fè yon lòt izin ki nan peyi a aplike men m kondisyon ki nan kontra kolektif la, si izin nan ap fè menm travay yo, depi gen sendika enterese ki mande sa.

Atik 61.- Lè patwon yo izin oswa atelye ap travay ak ouvriye l anba kondisyon yon kontra travay kolektif, regleman ki nan kontra sa menm jan pou lòt ouvriye ki siyen kontra endividyèl yo tou, sèlman si kontra sa yo bay travayè yo plis avantaj.

Atik 63.- Kontra travay kolektif yo fèt pou yo ekri yo an kat (4) orijinal (4 papye) gen de (2) nan yo ki pral nan Direksyon Travay (Afè Sosyal) yonn ap rete nan men patwon an, yonn pral nan men travayè a.

Patwon an fèt pou anrejistre kontra travay la nan Ministè Afè Sosyal. Kote li anrejistre a, li kòmanse men m lè a. Patwon an pa dwe kite wit (8) jou pase san l pa al anrejistre kontra a nan Direktion Travay ak Mendèv, ki li menm ap pibliye sa nan jounal ki nan zòn, kote travay la tabli a, osinon si pa genyen jounal nan zòn, nan yonn nan radyo ak jounal ki nan Potoprens.


KONDISYON KI DWE FIGIRE NAN KONTRA KOLEKTIF LA

Atik 65.- Men sa ki dwe nan kontra travay kolektif la:

a) Non, siyati ak kisa moun ki siyen kontra a ye ak kilè kontra a komanse tout bon.
b) Dwa pou moun nan rantre nan sendika si l vle. Sèvis Òganizasyon Afè Sosyal ap kontwole si yonn nan kondisyon sa yo afekte dwa ak libète ouvriye a fè pati de sendika l vle.
c) Konbyen lajan patwon ap peye chak kategori travayè, sa yo dwe yo, boni ak lòt avantaj ki gen rapò ak sa lap touche.
d) Kijan, chak ki dat epi ki kote yap peye travayè a ou nan ki kote ouvriye a pral fè travay li.
e) Sa ki di sou prensip separasyon kòb yap peye chak kategori travayè nan sak konsène Ayisyen ak Etranje, fanm ak gacon.
f) Kijan patwon ap anboche travayè yo ak ki jan lap revoke yo
g) Nan ki kondisyon moun yo ap travay
h) Lè yonn(1) oubyen tou de (2) pati yo vle, denonse chanje ou korije kèk atik, anile yon pati oswa tout kontra a.
i) Kijan yap òganize fòmasyon ak fonksyonman Ayisyen ki nan aprantisaj nan travay la yon fason pou yo sou menm nivo nenpot ki lè antrepriz la ta fè rele teknisiyen etranje pou vin n ekzekite yon travay nan izin nan.
j) Kibò ak kijan fanm ak timoun minè ap travay nan izin nan.
k) Kikote ak kilè kontra travay la fini; ki moun ki siyen, ki moun ki te prezante pou yo.

Atik 66.- Gen kèk atik nan kontra a osinon tout kontra travay yap konsidere nil, san valè, se lè yo oblije Patwon oswa tout moun kap bay travay pou yo aji jan sa yo:

a) Se moun ki nan sendika sèlman pou l pran nan travay la.
b) Pou l revoke tout travayè oubyen ouvriye ki kite sendika
c) Oblije patwon an pou se li k sanksyone yon ouvriye ou yon travayè ki gen prwoblèm ak sendika l.

Atik 67.- Lè kontra travay kolektif la anile kelkilanswa kòz la, patwon an pa gen dwa ogmante tarif travay yo, ni rann travay la pi di, si izin nan ou atelye a kontinye ap fonksyone men-m jan an.

Atik 68.- Lè nan yon antrepriz 60 sou chak 100- sa vle di 2 tyè nan moun kap travay yo se manm yon sendika ki anndan izin nan, patwon an oblije tabli sou yon kontra travay kolektif avèk sendika a, menm jan an tou pou sendika a si patwon an mande l sa.

Atik 69.- Kontra travay kolektif la fini lè :

Lè yo anile tout kontra ak kòmand izin nan, oswa atelye a te gen pou l ekzekite; ak tout lòt pwen ki te figire nan kontra travay kolektif la.
Se tout pati ki mete yo dakò sou sa
Lè se atik nan kontra a men m ki oblije sa fèt
Lè sendika oubyen yonn nan sendika kite siyen kontra kolektif la kraze
Lè pati yo denonse kontra a yon lane (1 nan) apre yo fin travay anba l si se yon Gwo-kontra, sa vle di pou yon tan long, nan ka sa a, 3 mwa apre yo fin denonse l kontra a tonbe, sa vle di li kaba.

Chapit No. 6

Devwa Chèf Antrepriz la :
Atik 79.- Li entèdi pou yon patwon asepte nan izin li san yon rezon valab, yon apranti ki abandone yon estaj li te kòmanse fè nan yon lòt antrepriz. Se sèl Direksyon Mendèv Afè Sosyal ki gen dwa jije si rezon apranti a bay yo bon oswa pa bon.

Atik 80.- Patwon an dwe aprann apranti a nan ki sa l pral fè estaj li ka chwazi yon ouvriye ki gen anpil esperyans deja pou li fòme anpranti a
Li pa gen dwa fè apranti a fè travay domestik lakay li. Li dwe veye pou lòt ouvriye pa maltrete apranti a. Si apranti a malad, patwon an dwe fè mennen l lopital touswit.

Atik 82.- Si apranti a se yon timoun ki gen 16 zan, tant pou-l fè estaj la pa dwe depase venntwa zè (23 zè) chak semen.

Atik 83.- Patwon an pa gen dwa refize pou apranti al lekòl pou l aprann metye lap travay pou li a. Ni patwon an pa gen dwa retire sou kòb lap touche a pou sa.


Kondisyon pou Travay yo

Kijan kote kap bay travay yo ye:

Atik 91.- Etablisman kap bay travay yo separe oswa divize an 3 gwoup, 3 kategori:

a) Etablisman agrikòl, ki ap travay nan sa ki gen rapò ak bagay, moun manje ke late pwodwi.
b) Etablisman Indistriyel tankou Izin, Faktori, Atelye, fabrik elatriye
c) Etablisman komèsyal tankou Magazin, Sipèmache.

Tan travay yo dire :

Atik 95.- Dire travay la se tan travayè a pase nan izin oubyen nenpòt ki kote lap travay sou kont yon patwon. Men lè travayè a pran repo ; li pran yon pòz ; li pa andan izin nan, li pa sou kont patwon, sa pa dwe fè pati de tan travay la.

Atik 96.- Nan etablisman agrikol tan oswa dire pou yon moun travay se 8 tè chak jou, 48 tè chak semèn.
Nan izin, Faktori ak Atelye tan oswa dire travay la se 8 tè chak jou, 48 tè chak semen n
Pou moun kap travay nan magazen ak nan biwo lè yo diferan, men yo pa dwe depase 10 zè chak jou. Pati kapab met dakò pou tabli yon lòt jan orè travay la pou chak semèn li dire a 48 è li ye.

Atik 97.- Depi travayè a, kelkeswa kote lap vann kouray li a gen dwa depase lè li konn travay yo, sita gen aksidan, ijans nan prepare machin ak zouti nan travay la oubyen ka fòs majè.

Atik 98.- Depi tan nòmal pou yon moun travay nan yon jounen pase, lè li pral travay an plis yo se siplemantè patwon an dwe peye trvayè a mwatye fwa kòb li konn touche an plis

Patwon pa gen dwa fè ouvriye a travay tan siplemantè nan bi pou li realize yon travay ki gen danje ladann, ni travay sof si Direksyon Travay Afè Sosyal bay yon otorizasyon pou sa

Atik 100.- Tout etablisman travay kite se izin, atelye, faktori oswa komès, piblik ou prive dwe kalkile tan nomal travay yo dwe dire yon fason pou yo kanpe epi voye travayè yo al lakay a 5 kè nan aprè midi chak jou, soti premye Oktòb pou rive 30 Avril chak a katre (4 trè) nan aprè midi soti premye Me rive 30 Sektanm. Men soti 15 desanm rive premye Jan vye yo ka kontinye travay aprè 5 kè aprè midi, jou samdi tou, ak kondisyon pou patwon yo peye travayè yo siplemantè jan lalwa di pou sa fèt nan sa ki gen rapò ak travay lan nwit.

Jou repo nan semèn nan ak jou fèt

Atik 107.- Tout moun oswa gwoup moun kap travay, nan izin, nan komès, nan leta gen dwa poze nan fen semèn nan pou pi piti 24 trè, kelkeswa kantite tan li tap travay soti lundi pou rive vandredi.
Men travayè ki te fè 48 tè travay pandan yon tan ki pipiti pase 6 jou pandan semèn nan dwe touche pou jou samdi ak dimanch la.

Atik 108.- Patwon pa gen dwa wete sou kòb travayè ak ouvriye ki poze jou samdi ak dimanch, ni pou jou fèt ak jou chomaj leta rekonèt, sa chèf leta-a otorize, sòf si travayè yo te deja angaje yo pou yo fè yon travay ki a karaktè pwovizwa, kap fèt vit.

Atik 109.- Ekzanp : Abwoje dekrè 7 Novanm 1985, Jounal Monitè No. 79-11-Nov. 1985
Atik 110.- Modifye pa dekrè 23 Me 1989 ki di:

Depi dekrè sa-a fin piblye, men fèt legal leta rekonèt:

• Madigra
• Vandredi sen
• Fèt Dye (Bon Dye)
• Asansyon
• 17 Oktòb, lanmò « Dessalines »
• 2 Novanm fèt mò yo
• 25 desanm jou Nwèl

Biwo leta komès ak Endistri ap poze (chome) jou fèt nasyonal yo.

Atik 112.- Moun ki ap fè yon djòb anpèmanans gen dwa poze jou fèt san yo; epi yo pa gen dwa retire sou kòb yap touche a.

Jou konje yo dwe peye

Atik 123.- Tout moun ki ap travay anpèmanans gen dwa benefisye yon konje peye chak ane. Konje a se 15 jou ladan-l gen trèz (13) jou nomal plis de (2) jou dimanch. Jou ferye (jou fèt) jou konje maladi ak konje akouchman travayè a benefisye nan kòd nomal travay li pa dwe soti nan 15 jou konje anyèl nomal la.

Atik 124.- Si travayè ap kite travay li avan-l te pran konje, patwon an dwe peye-l konje-l nomalman.
Lè yap peye yon travayè konje l pou kelkeswa rezon an : demisyon, sispansyon, revokasyon, elatriye….. , avan ane travay la fini kelkeswa sa kontra travay la di, men ki jan sa dwe fèt :
Travayè a ap touche konje l daprè kalkil sou kantite jou li travay plis jou dimanch ak jou ferye ; yap divize montan lajan sa a pa 30 ak yon ka (1/4) jou eka pou chak mwa travay li fè.

Atik 125.- Nan antrepriz kote travay la pa dire tout ane-a tankou :
• antrepriz kap voye kafe lòt bò dlo
• Atelye ti biznis yo
• Fabrik yo
• Kote yap prepare materyo konstriksyon elatriye, yap kalkile konje anyèl la swivan kantite jou travay yo ak jou fèt yo epi yap divize l pa 30 (separe an 30 lo). Konje anyèl la, yo dwe peye l depaman ak preyavi nenpòt lè kontra travay yo kaba.

Atik 129.- Tout antant ki fèt ant ouvriye ak patwon ki oblije ouvriye a abandone lajan konje Anyèl li nil san valè

Atik 131.- Travayè a gen dwa pran 15 jou konje maladi chak ane si l ta tonbe malad san yo pa wete 5 kòb sou lajan lap touche a. Li dwe bay yon sètifika sa vle di papye Doktè travay la bali oswa Doktè sante piblik yo.

Si travayè-a pa ko gen yon ane depi lap travay, konje-a dwe kalkile swivan kantite tan li genyen deja nan djòb-la. Yo pa ka peye yon travayè 2 konje mladi yon sèl fwa, men travay la ka ogmante kantite jou konje maladi yo swivan jan ka maladi-a ye.

Sa yo dwe peye yon moun pou travay li fè (salè)
Salè
Seksyon 1: Eksplikasyon
Kisa salè-a yo?
Leson # 1.- Mo salè : vle di sa yon moun peye yon lòt pou travay li fè pou li oubyen se sa yon moun peye yon lòt pou kouraj li. Li ka touche l pa jou oubyen pa mwa. Yo di nan sans sa-a : Moun nan touche kòb li.

Leson 2.- Yo rele mo salè-a tou : apwentman, touche kòb, se yon operasyon ki fèt anfavè yon travayè fi oswa gason, swivan antant ki te fèt davans ant patwon an ak travayè l pa jou, pa semen, pa kenzèn ou pa mwa.

Atik 136.- Tout travayè manyèl ou entelektyèl gen dwa resevwa yon salè daprè sa lalwa di.

Atik 137.- Pou salè minimum nan (pi piti kòb yo peye travayè se leta ki bay kondisyon yo daprè lwa yo deklare sou sa).
Leta ka modifye l tan zan tan lè lavi a ogmante epi chak fwa Enstiti Ayisyen Estatistik dekouvri gen yon ogmantasyon 10% (dis pou san) ki fèt nan ane-a.

Atik 138.- Lè kontra a di yon kantite lajan pou yo peye yon travayè, se kòb la pou yo bali. Patwon an pa dwe bali ni machin, ni lòt atik nan plas kòb la.

Atik 139.- Lè yo di yap peye yon travayè “an nati “ sa vle di pou travay lap fè-a, patwon an se lòt bagay lap bali nan plas lajan an, tankou manje, kay, rad ak lòt bagay ke travayè-a bezwen pou l sèvi.

Kijan yo dwe peye

Atik 140.- Dat yap peye travayè yo dwe chwazi san pwoblem ant 2 pati yo. Men dat pewòl yo pa dwe depase plis pase kenz (15) jou pou jounalye yo, oubyen yon (1) mwa pou moun kap fè travay entèlektyèl.

Si sa yap peye moun kap travay la se sou benefis, lavant ak resèt patwon an fè, yo dwe fikse sa yap peye a konsa : 1) sa travayè-a dwe genyen pou-l viv, ak sa l dwe touche pou travay lap fè a.

Pou moun atelye bay djòb pou yal fè deyò oswa lakay yo pou yo remèt travay chak kenz (15) jou, dat pou pewòl yo fèt dwe chwazi san fòse. Men travayè a dwe resevwa yon pati, yon moso nan kòb li swivan jan travay la ap vanse. Travayè a dwe resevwa kòb travay li pou pipiti kenz (15) jou apre li fin livre machandiz yo oswa djòb yo.

Lè gen konflit nan travay la

Kisa konfli travay la ye :
Atik 161.- Bouch long nan travay la se desakò ak dispit ki pete ant patwon ak ouvriye, kip a ka jwenn antant ke yo oblije ap defere devan Tribinal ki konpetan pou sa. Direksyon Travay ak Mendèv se sèl otorite konpetan ki pou mete ola nenpot lè ki gen konfli nan travay yo. Si Direksyon Travay pa rive jwenn antant ant pati ki nan chire pit yo nan bon tèm, afè a pral jije devan Tribinal Èspesyal Travay.

Atik 162.- Konfli travay la ka mete bab pou bab, yon sèl travayè ak patwon an, oswa yon gwoup travayè, sendika ak patwon an; travayè ki pa nan sendika ak sendika yo.
Konfli travay endividyèl : lè l mete yon patwon anfas yon anplwaye, yon patwon ak yon sèl ouvriye nan sak konsène kondisyon travay yo ; ant patwon ak lòt kolaboratè l yo san sa pa afekte bòn mach izin nan, faktori a oubyen atelye a.
Konfli travay kolektif : se lè li mete nan chire pit patwon an ak yon gwoup travayè ak moun kap kolabore avè-l ; patwon an ak yon gwoup ouvriye manm sendika, chire pit ki lakòz tout travay la kanpe.

163.- Tout chire pit ki genyen nan izin yo akòz pwoblèm travayè ki pa byen touche kòb yo, se Direksyon Travay sèl ki plase pou mete « ola » nan konfli yo. Lap gen pou l drese yon pwosè-vèbal. Pati ki pote plent la dwe bay Direksyon an yon rapò san manke anyen sou pwoblèm li genyen ak lòt la, yon fason pou l pèmet Afè Sosyal pran yon bon desizyon. Aprè tout pwoblèm fin rezoud, Direksyon an pap jije menm bagay yo.

Moun ki jwe wòl abit lè gen chire pit:

Atik 182.- Direksyon Travay ak Mendèv ap mete sou pye yon komite ki pou chita ak tout pati yo lè gen chire pit. Non li se « komite abitraj ».

Men ki moun ki ladan-l :
a) yon reprezantan Direksyon Travay
b) yon reprezantan patwon yo
c) yon reprezantan ouvriye / travayè yo

Atik 183.- Komite abitraj la ap gen pou l chita pale sou tout sa ki gen rapò ak lanjan yap peye travayè ak ouvriye, kondisyon nan travay epi ki depaman ak sa lalwa di, tout regleman, tout antant ki te fèt, kontra yap travay sou yo ak tout lòt bagay ki gen pou wè ak chanjman ki ka fèt nan kontra travay yo.

Atik 184.- Komite a pap ka chita pale sou lòt pwoblèm ke sèlman sa Afè Sosyal mete devan l yo, oswa sak te deja diskite deyè yo ak tout konsekans yo ka genyen sou tout pati yo.

Atik 186.- Komite abitraj ap tande chak pati apa, oswa tout moun ansanm. Aprè l fin tande doleyans yo, lap egzije touswit pou yo mete an pratik desizyon l pran yo.

Atik 187.- Si tou 2 pati yo dakò ak desizyon final la, yap mete sa sou papye, komite a ap siyen anba l ansanm ak reprezantan tou 2 pati yo. Desizyon an ap angaje tou 2 pati yo pou 6 mwa pou pipiti.

Atik 188.- Desizyon komite abitraj la pran yo, ap ekri sou papye. Chak pati ap gen nan men l yon kopi, yap pote yon kopi tou bay Direksyon Travail nan Afè Sosyal.

Konsèy siperyè pou mete bout nan chire pit yo (konfli) Non li: Konsèy Siperyè Abitraj.

Atik 189.- Ministe Afè Sosyal ap mete sou pye yon konsèy Siperyè pou tranche sou tout pwoblèm lè gen chire pit. Konsèy sa ap reyini nan Ministè-a. Men ki moun ki ladan-l :
a) Minis Afè Sosyal la kòm Prezidan
b) Yon Jij nan kou kasasyon vis-Prezidan
c) Yon reprezantan tout patwon yo ki gen bon renome nan peyi-a
d) Yon reprezantan yon sendika ki gen bon renome nan peyi-a
e) Batonye lòd Avoka yo, Manm
f) Direktè Travay ak Mendèv la, Manm

Atik 190.- Men wòl Konsèy Siperyè Abitraj la :

1- Li dwe okouran de tout desizyon komite abitraj la te pran, pati yo pat dakò yo pote devan l.
2- Li dwe mete pye, sa vle di entèveni kare bare nan tout kote travayè ya ap fè grèv, kanpe travay elatriye, li dwe mete pye kare bare nan tout travay kote ki gen « Lòkawout » sa vle di kote se patwon an menm ki deside fèmen travay yo pou yon rezon enpòtan.

Atik 191.- Konsèy Siperyè Abitraj la pap ka reyini tout bon si li pa gen kowòm, sa vle di fòk gen pou pi piti senk (5) manm ki rasanble, ansanm ak Prezidan an plis Prezidan ann-aprè-a ke yo rele vis-Prezidan. Si Prezidan an pa ta la pou yon rezon kèlkonk, se vis-Prezidan an ki dwe ranplase l.

Atik 192.- Prezidan Konsèy la pa gen dwa vote lè yap pran yon desizyon. Men, lè konsèy la reyini, si kantite manm ki prezan yo reprezante yon chif pè, kòm pa egzanp ta gen sis (6) moun konsa, vòt pa Prezidan an ap konte lè yap pataje.

Atik 193.- Se Direksyon Travay ak Mendèv nan Afè Sosyal ki ap aji kòm sekretè konsèy siperyè abitraj la.

Atik 194.- Lè desizyon komite abitraj la pran nan yon chire pit pa soti nan avantaj tou de (2) pati yo, pati ki pa dakò a ap fè yon bagay yo rele « rekou ».

Rekou sa a, se yon manifestasyon pa dakò yon pati fè san vyolans, li pote afè a devan yon Tribinal ki pi wo. Se wòl sa-a konsèy siperye Abitraj la jwe.

Se nan delè senk (5) jou aprè komite Abitraj la fin pran desisyon l pou yon pati oswa gwoup ki pa dakò a pote rekou a devan konsèy Siperyè Abitraj la.

Atik 195.- Se sou papye ekri pou rekou yo fèt. Lè pati ki enterese a fin depozè rekou a, li dwe resevwa yon siyati nan Ministè Afè Sosyal ki di li te resevwa papye a. Yo rele-l : « Avi de resepsyon ». Rekou a fèt pou l gen ladan l pwen nan desizyon komite Abitraj la ke pati ki pote plent la pa dakò avè l. Pati sa a dwe ba lòt pati a yon kopi nan rekou a, si l pa fè sa, Ministè a pap resevwa l.

Atik 197.- Se Ministè Afè Sosyal ki ap di ki lè lap tande afè a. Lè jijman yo ap kòmanse, Prezidan konsèy la ap pèmèt Avoka chak pati yo pou yo ka eskplike aklè nan bouch, nan yon ti tan tou kout, pwen yo pa dakò yo, aprè pou yo bay tout detay ekri sou papye 2 jou avan dènye jijman an kap fèt la.

Sendika yo / Kisa yon sendika ye:

Yon sendika se yon Asosyasyon ki tabli pou tout tan ke yon gwoup travayè mete sou pye. Yon gwoup patwon, yon gwoup moun kap fè menm metye oubyen nenpòt ki moun lib, pou mete bon jan règleman ak kondisyon ki pa deranje sosyete a, pou yo defann enterè yo nan tèt ansanm, sou plan ekonomik, sosyal ak moral.

Atik 225.- Tout travayè gen dwa mete tèt yo ansanm pou yo defann enterè lejitim yo. Leta, daprè sa lalwa nan peyi a deklare dwe pwoteje sendika a ak tout moun ki ladan-l.

Atik 227.- Tout travayè oswa patwon ki gen menm metye; ni sa yo fè, metye ki pa fin depaman. Oubyen sa ki pa konekte ; ni sa ki ap travay menm kote oubyen non, kapab mete yo ansanm lib e libè pou yo defann enterè yo san yo pa bezwen pyès pèmisyon nan men moun ; sèlman yo dwe respekte tout delè ak tout règleman lalwa mande yo nan kòd travay la.

Atik 228.- Yo pa gen dwa fòse pyès moun pou l antre oswa pou l pa antre nan sendika. Tout pwen ak règleman ki fè egzijans sa yo, pa gen pyès valè.

Atik 229.- Ti moun ki poko gen 18 tan, ni moun ki kondane nan prizon pou move zak pa gen dwa nan sendika.

Sendika travayè yo fòme nan yon izin, se travayè oswa ouvriye sèlman ki pou ladan l. Ni Direktè, ni manm kap jere moun, ni Administratè, ni moun ki reprezantan patwon an pa gen dwa fè pati sendika izin nan.

Sendika patwon, ak tout Sendika travayè dwe benefisye yon pwoteksyon espesyal yon fason pou yonn pa foure bouch nan zafè lòt.

Men sa yo konsidere kòm zak « foure bouch nan zafè lòt » se mannigans kap fèt pou met sou pye yon Asosyasyon travayè ak gwo kout lajan oubyen ak lòt avantaj nan lide pou yo ka plase òganizasyon travayè sa yo anba kontwòl yon patwon oubyen yon asosyasyon patwon.

Tout patwon ak Asosyasyon patwon, tout travayè ak asosyasyon travayè, ou Sendika ke lalwa rekonèt ki kapab nan zak ak enjerans, sa vle di foure bouch nan zafè lòt, Tribinal espesyal Travay la ap kondane l pou l peye you amann ki soti nan mil (1.000 ) pou rive nan twa mil (3.000 )goud a goud)

Atik 230.- Pi piti moun pou yon sendika travayè genyen pou l tabli se dis (10) moun.

Atik 231.- Pou yon sendika patwon tabli li bezwen pou pipiti senk (5) moun ladann.

Atik 232.- Pou leta rekonèt yon Sendika, fò manm yo mande pou Afè Sosyal anrejistre sendika a. Lè yap fè demand lan, men ki pyès pou yo depozè sou papye lib.
1- De (2) kopi règleman sendika (estati) ; De (2) kopi batistè sendika-a (ak konstititif) ; lis non manm ki ap dirije sendika a (Komite Direktè) ak pwosè-vebal reyinyon kite fèt lè yo tap vote pou chwazi moun komite Direktè-a.


Atik 233.- Ti moun ki poko genyen 18 tan sa vle di ki minè se avèk pèmisyon paran yo, yo gen dwa rantre nan sendika. Si yo pa gen manman ak papa, se lòt moun ki reskonsab yo a. Ni yo pap gen dwa vinn chèf reskonsab kap dirije sendika a.

Atik 234.- Sendika ki anrejistre yo gen dwa ak tout privilèj ke lalwa sou zafè òganizasyon ba yo. Yo gen dwa ale lajistis lè yo gen bezwen pou sa. Yo gen dwa achte, vann, lwe, anfème tout byen, tout kay ak lòt materyèl yo bezwen pou mouvman an byen mache. Yo gen dwa jwi tout privilèj ke sa ba yo.

Atik.235- Sendika yo kapab itilize tout sa yo posede kòm resous pou yo fè sa ki byen. Yo gen dwa bati kay pou lwe oswa vann a bon mache; yo gen dwa chache tè pou yo fè jaden pou ouvriye ak travayè, mete sou pye sant kap bay lasante, sant pou moun pran fòmasyon, jounal, estasyon radyo elatriye.

Sendita yo gen dwa libelibè mete sou pye epi dirije kès ki ap pote ouvriye yo sekou, biwo ki ap chache travay pou moun; yo gen dwa fonde ak bay bourad a plizyè mòd aktivite tankou: Lekòl klasik ak sant kote moun al aprann; metye laboratwa, koperativ, ak sant kote yap fè pwomosyon pou kilti elatriye.

Atik 236.- Men ki jan sendika tabli: yo seprare nan 3 gwoup oubyen kategori:
1- Sendika moun ki deja gen yon metye; lè tout manm yo konn fè menm bagay, menm metye. Menm si se nan lekòl diferan yo tal etidye.
2- Sendika antrepriz yo, lè yap pran fòmasyon nan men moun, pwofesè ak espesyalis diferan ki kopere nan izin yo.
3- Sendika izin yo, lè yo pran fòmasyon nan men moun espesyalis, pwofesè ak moun ki pa gen menm metye ki ap bay sèvis yo nan plizyè izin ki ap founi menm travay.
4- Sendika Mix yo oswa kap fè travay depaman, lè moun ki ladan yo pa gen menm metye, yo pa konekte. Mòd sendika sa yo ka fòme nan yon zòn fiks. Kantite travayè ki nan menm branch yo pa egal a mwatye lòt metye yo.

Estati, batistè ak règleman sendika yo
Atik 238.- Men sa ki dwe nan règleman ak estati sendika yo:
a- Non sendika a ak sig li
b- Kay kote sendika a tabli
c- Kijan pou yon moun vin manm ladann.
d- Reskonsablite komite direktè a ak delege yo ki gen dwa genyen
reprezantan yo devan leta, patwon epi tout ti kondisyon yo mete sou pye lè yap wete oswa mete yonn nan manm komite direktè a deyò lè manda’l poko fini.
e- Rezon ak kondisyon ki ka fè yo pran mezi kont manm yo lè yo pa respekte disiplinn andan sendika a.
f- Kijan ak kilè reyinyon yo fèt, kijan yo konvoke manm yo, kilè asanble jeneral la reyini.
g- Kisa manm yo bay nan reyinyon kòm patisapasyon, konbyen kòb, kilès ki chaje pou jere kòb manm yo peye a.
h- Ki lè yo te bay rapò sou sa sendika a posede bay asanble jeneral la ak tout ti detay sou sa ki rantre nan kès, ak lòt depans ki fèt, konbyen ki rete nan kès.
i- Ki rezon ki ka fè yo kraze sendika a e kisa yap fè ak byen yo.
j- Tout lòt règleman ki nesesè, ki enpòtan.

Atik 239.- Pou yon moun vinn manm nan komite direktè yon sendika fò’l:
a- Se yon sitwayen ayisyen.
b- Fò’l gen laj pou sa fò’l majè
c- Fò’l pat nan prizon ni pou krim, ni move zak

Atik.241- Men devwa sendika yo:
a. Yo gen pou yo ekri sou papye tout sa ki di nan reyinyon yo, ekri pwosèvèbal asanble yo fèt pou yo gen yon kaye kontab ladan’l yap ekri nan yon jan trè pwòp tout lajan ki rantre oswa lajan ki sòti nan òganizasyon an.
b. 15 jou apre yo finn fè eleksyon anndan sendika a, manm yo gen devwa pou mete Direksyon Travay nan Ministè Afè Sosyal okouran de tout chanjman ki fèt nan komite kap jere sendika a.
c. Mete Direksyon Travay okouran, nan menm delè a sou tout sa yap korije nan estati ak règleman anndan sendika a.


Atik 242.- Men sa yon sendika pa gen dwa fè (entèdi)
Li entèdi pou sendika:
a- Fè zak vyolans kont moun pou oblije yo antre nan sendika
b- Yo pa gen dwa fòse moun al fè vyolans ni al detwi byen moun
c- Yo pa gen dwa bay Direksyon Travay manti lè yap depoze yon dosye nan Afè Sosyal.
d- Yo pa gen dwa sèvi ak sendika a pou yo fè komès ni fè mennen lòt aktivite ki depaman ak objektif sendika a.
Lè leta rekonèt yon sendika koupab de yonn nan zak sa yo nou site deja , Ministè Afè Sosyal apre’l fin mennen ankèt sou sak pase a , lap pote dosye a devan Tribinal Espesyal Travay ki li menm ap genyen pou’l pran mezi ki pou pini sendika a.

Atik 243- Depi yon sendika kraze li nil. Tout sa yon manm oswa tout manm yo fè sou non sendika ki kraze a nil tou li pa gen pyès valè.

Atik 244.- Lè yon sendika kraze , sa sendika a te posede kòm byen oswa atik yap sèvi pou fè swa a batistè, oswa estati sendika a te di sou sa . Men pyès rezon pa kapab oblige separe yo ant manm yo .Si nan estati sendika a pa gen yon chapit ki di sa pou yo fè, Direksyon Travay ap gen pou devwa pou’l vèse aktif yo bay Federasyon, bay santral sendika a, sendika afilye, si sendika a pa federe . sa vle di aflilye ak yon federasyon; aktif yo ap vèse bay yon òganizasyon kap fè zèv nan peyi e prèv ekri sou papye sou sak depoze a pral jwen Direksyon Travay.

Atik 245.- Plizè sendika ki ap defann menm bagay , menm enterè gen dwa mete tèt yo ansanm nan yon antant yo rele fizyon pou yo fonn nan yon sèl sendika.

Atik 246- Plizyè sendika kapab mete tèt yo ansanm pou yo fòme yon federasyon. Menm jan an tou, plizè federasyon kapab mete tèt yo ansanm pou fòme yon konfederasyon.

Atik 247- Federasyon ak konfederasyon yo dwe kominike bay Afè Sosyal nan Direksyon Travay ak Mendèv pyès sa yo:
a) Ak konstitif yo ak estati yo. Nan estati sa yo, yap gen pou yo bay detay sou ki kondisyon pou yon sendika antre, kijan tout sendika ki rantre yo ap reprezante nan asanble jeneral yo.
b) Lis non tout sendika ki nan konfederasyon yo, avèk pwòp denominasyon yo ak adrès yo.
c) Non moun ki konpoze komite direktè a, chak nan yo separeman.

Atik.248- Tout sendika ki afilye ak yon federasyon e tout federasyon ki afilye a yon konfederasyon gen dwa retire tèt yo nenpòt kilè nan federasyon ou nan konfederasyon an, men fòk se majorite manm nan sendika yo ki pou deside sa. Tout lòt desizyon ki depaman yo pran nan sans sa a pap gen pyès valè.

Atik.249- Pyès sendika ni federasyon sendika pa gen dwa rete konsa pou yo deklare grèv oswa pou manm yo kanpe travay, sòf si:
a) Se yon grèv legal ki pa depaman ak lalwa e ki fè sa kòd travay la di.
b) oubyen si se apiye yap apiye yon grèv legal ke lòt sendika ak federasyon sendika lanse.
Atik 250.- Tout sendika ak federasyon oswa konfederasyon sendika dwe gen nan sèvis yo, yon konseye jiridik sa vle di yon moun ki espesyalise nan lalwa ki pou ede yo. Konseye jiridik sa a pa gen dwa reprezante yon òganizasyon sendika ak yon òganizasyon patwon an menm tan, ni yon federasyon ak yon lòt federasyon an menm tan ki nan chirepit. Li fè pati delegasyon yo.

Atik.251- Patwon pa gen dwa anpeche travayè oswa ouvriye pou yo fè pati de sendika, si patwon an ta menase pou’l retire sou lajan lap peye yon travayè paske’l manm sendika, Tribinal Travay la ap pran gwo sanksyon kont patwon sa a, lap kondane pou’l peye yon amann ki soti nan 1000 pou rive nan 3000 goud.

Atik.252- Sendika pa gen dwa fè menas sou manm yo, lè yo fè yon fot. Men ki sanksyon sendika a kapab pran kont yon manm se:
1- Fè manm nan peye yon amann
2- Sispann manm nan pou yon ti tan.
3- Radye manm nan, sa vle di mete’l deyò nèt nan sendika a.

Atik.253- Sendika, federasyon oswa konfederasyon sendika ki pa mete yo an règ avèk kòd travay la aprè yo finn resevwa yon avètisman ekri sou papye ki sòti nan Direksyon Travay e apre ke yo menm yo finn di yo resevwa avètisman an, Direksyon Travay ap kondane yo pou yo peye yon amann ki soti nan 200 goud pou rive nan 500 goud pou chak pwen sendika a vyole. Yo dwe fè respekte desizyon sa a epi ekzekite kontravansyon an 15 jou apre’l finn pwononse.


Moun kap travay nan kay kòm domestik

Atik.254- Moun ki ap travay kay moun se moun ki angaje yo nan yon travay ki ap kontinye. Pa ekzanp, yo fè netwayaj, jadinaj, antretyen oswa tout lòt travay pwòpte yo fè nan kay ak nan rezidans anpatikilye ou nan biwo leta. Angajman sa yo pa rapòte gwo benefis ni operasyon komèsyal. Pou moun ki bay travay la ni pou fanmi’l tou.

Atil.255- Men ki sa moun kap travay kay moun benefisye. Patwon an dwe yo manje, Kay pou yo dòmi, swen sante tou si yo ta blese ou brile nan travay la. Antant sa yo ka chanje si yo te pale de sa nan kontra travay la.

Atik.256- Mèt kay la gen dwa ekzije travayè a pou’l bali yon sètifika ki fè wè li pa malad avan li siyen kontra travay la. Travayè a dwe prezante papye sa nan trant jou pou pi plis e se yon doktè nan leta ki pou bay sètifika sa.

Atik.257- Moun ki pran travay la gen dwa anile kontra a si’l dekouvri ke mèt kay la ak fanmi’l soufri maladi atrapan, depi yo pa dekouvri ke maladi sa yo se maladi sante piblik deja pran mezi pou konbat.
Mèt kay la gen menm dwa yo tou si’l dekouvri ke sèvant lan soufri maladi atrapan tou.
Preavi special
Atik 260.- Si Sèvant ak Jeran yo ta soufri yon maladi ki trè grav ki anpeche yo travay plis pase 15 jou patwon an gen dwa mete fen nan kontra yo avèk kondisyon pou patwon an peye yo aprè yo fin bay yon papye doktè.
Men ki jan pou patwon an peye:
1- Soti 3 mwa pou rive nan 12 mwa......................1 mwa salè.
2- Soti 1 an rive 3 zan sèvis...................................2 mwa salè.
3- Soti 3 zan rive 6 zan sèvis.................................3 mwa salè.
4- Apre 6 zan sèvis................................................4 mwa salè.

Atik 261.- Daprè sa atik piwo a di si maladi atrapan an se nan travay la swa patwon an oswa yon moun lakay li bay sèvant lan, sèvant lan oswa jeran an gen dwa resevwa tout kòb yo chak mwa plis kòb yo te depanse kay doktè jiskake’l geri. Mèt kay la dwe pran reskonsablite pou’l mennen anplwaye a lopital pou’l resevwa bon swen.

Atik 262.- Tou ka maladi ki oblije yo entène sèvant lan lopital, mèt kay la gen pou devwa pou’l avèti fanmi oswa paran ki pi pwòch sèvant lan oswa jeran an.

Atik 263.- Si travayè domestik la ta tonbe mouri nan travay li a koz maladi li atrape nan kay la, mèt kay la reskonsab tout frè antèman.

Atik 264.- Nan travay ka moun, 3 premye mwa yo fèt pou konsidere kòm peryòd estaj. Chak nan pati yo gen dwa deside mete fen nan travay la aprè estaj la san pa gen domaj ki pou peye.
Apre plis pase 3 mwa sèvis li nesesè pou mèt kay la peye travayè domestik la yon preyavi 8 jou.


Fanm kap travay nenpòt kote.

Atik 316.- Fanm gen menm dwa, menm obligasyon nan travay ak gason yo, daprè sa kòd travay la di. Pa dwe genyen diskriminasyon ni eksepsyon antreyo.

Atik 317.- Pou yon travay ki menm valè egal ego yo dwe peye fanm nan menm lajan ak gason an.

Atik 318.- Si travay yo bay fanm nan fè oblije pou’l chanje rad sou kò’l, patwon an dwe mete yon lokal a dispozisyon’l.

Atik 319.- Tout fabrik, izin, atelye ou biwo ki anboche fanm, reskonsab la dwe mete chèz ki gen dosye a dispozisyon yo chèz sa yo dwe plase yon kote travayèz la ka jwenn li pou’l ka chita a chak fwa ke travay lap fè a mande’l repoze.

Atik 320.- Fanm ansent yo ki gen nan men yo yon papye doktè ki endike dat yo ka akouche dwe benefisye yon konje matènite pou sa. Patwon an dwe peye’l lajan’l.

Atik 321.- Konje a dwe dire 12 semèn; yon pati nan konje sa ap pran aprè akouchman an. Konje sa se Ofis Asirans Aksidan travay, Maladi ak Matènite ki ap peye si fanm ansent lan te enskri nan Ofis Asirans sa a.

Atik 322.- Tan konje yo oblije pran avan akouchman an, se 6 semèn si sikonstans yo pèmèt sa. Apre akouchman an konje sa ap 6 semèn tou san yo pa vyole dwa fanm ansent lan sou sa lalwa di de konje matènite.

Atik 324.- Pou yon fanm ansent benefisye konje matènite li dwe bay patwon’l yon papye doktè ke yo rele Sètifika Medikal ki endike bagay sa yo:
a) Atestasyon eta gwosès li
b) Dat ki di lè akouchman an ka fèt
c) Dat kilè konje a dwe kòmanse, swa 4 semèn avan akouchman an.

Atik 325.- Depi fanm ansent lan mande sa, doktè sante piblik la fèt pou ba’l sètifika medikal la gratis ti cheri.

Atik 326.- Patwon an pa dwe revoke fanm ansent lan paske’l al akouche. Patwon an dwe konsève plas li pandan tout dire konje akouchman an oswa dire tan li malad la.

Atik 327.- Si fanm ansent lan se avòtman li fè oswa yon timoun prematire travayèz domestik la gen dwa a yon konje 2 ak 4 semèn peye sou baz sa’l tap touche chak mwa.
Pou’l benefisye konje sa men sa a li dwe prezante patwon an:
a) Sètifika ki di li te akouche oswa li te fè avòtman avan lè avèk dat sa te rive.
b) Tan avèk peryòd konje lap beswen.

Atik 328.- Si travay yon fanm ansent oswa akouchman’l ap bay pwoblèm sante e si gen yon sètifika medikal ki mensyone sa, patwon an gen pou devwa pou’l bay fanm ansent la dwa pou’l chanje travay. Si chanje travay la enposib, fanm ansent lan gen dwa benefisye yon konje 90 jou san patwon an pa peye’l.



Atik 330.- Men sa lalwa entèdi:
a) pou yo fè diferans nan travay yo ant fanm marye, fanm lib, fanm selibatè nan sa ki gen rapò avèk dwa yo egalman avèk devwa yo nan travay la.
b) Pou yo ta revoke fanm kap travay’l la sèlman paske’l gwo vant oswa paske lap bay timoun tete. Tout revokasyon kap fèt pou koz sa yo dwe jwenn avan tou otorizasyon Direksyon Travay la.
c) Pou yo ekzije fanm ansent lan pou’l fè yon travay ki depase kapasite’l 3 mwa avan’l akouche.

Atik 331.- Tout manman ki ap bay pitit tete gen dwa dispoze kote lap travay la omwen 2 fwa pa jou yon demi è oswa plis pase 15 minit entèval pou’l gentan bay pitit li swen. Pou tan repo sa yo, yo pa dwe wete sou kòb lap touche pou sa a.

Ti moun ki poko gen 18 tan ki ap travay

Atik 332- Ti moun ki poko gen 18 tan yo gen menm dwa ak menm obligasyon ke granmoun yo daprè sa kòd travay la di e lalwa sou travay minè di’l tou.

Atik 333.- Yo pa fèt pou angaje ti moun minè nan fè travay ki sal, travay ki di, travay ki gen danje ladan yo tou ni sou plan fizik, ni sou plan moral, ni pou yo fè timoun yo travay tou kote yap vann bwason ki gen alkòl ladan yo (kleren, wòm, wiski elatriye).

Atik 334.- Timoun ki gen mwens pase 18 tan pa gen dwa travay nan nwit keseswa nan izin ou nan antrepriz piblik yo. Daprè sa atik sa a di mo nwit vle di yon peryòd 12 zè tan travay san rete. Pou timoun ki gen pipiti pase 16 zan yo entèval la se 10 zè di swa pou rive 6 zè di maten. Tan travay sa a li gen ladan’l yon peryòd 7 tè travay afile, swa soti 10 zè di swa pou rive 7 tè nan maten.

Atik 335.- Timoun ki genyen mwens pase 15 zan pap ka travay nan antrepriz endistriyèl, agrikòl oswa komèsyal.

Atik 336.- Timoun ki gen mwens pase 18 tan pap ka travay nan antrepriz yo sòf si ni leta ni patwon yo ta rekonèt timoun nan gen kapasite pou sa e avèk yon sètifika medikal.
Ekzamen doktè a, se yon medsen ki gen otorizasyon leta ki dwe fèl e li dwe delivre yon sètifika medikal.
Kapasite timoun minè sa a pou’l travay dwe rete sou kontwòl doktè tout tan pou jis lè li rive gen laj 18 tan. Yo pa dwe fè timoun nan peye ekzamen sa yo.

Atik 337.- Tout timoun minè ki gen 15 a 18 tan pou yo antre nan etablisman agrikòl yo, izin yo, nan sektè komès la, dwe resevwa yon sètifika oswa yon pèmi travay delivre pou gran mesi pa Direksyon Travay ak mendèv.

Atik 339.- Tout patwon ki gen timoun ki aje ant 15 ak 18 tan nan antrepriz ou fèt pou gen yon rejis ki gen enfòmasyon sa yo:
a) Laj travayè a
b) Non’l ak siyati’l, adrès kote’l rete
c) Non ak siyati manman’l, papa’l, oswa moun ki reskonsab li a.
d) Non izin oswa entrepriz ak patwon an, adrès li ak kote’l rete
e) Otorizasyon sou papye ki soti swa nan men papa’l ak manman’l oswa nan men moun ki reskonsab li a.
f) Ki sa manman’l ak papa’l ap fè kòm travay
g) Lè travay la kòmanse, lè’l fini
h) Ki jan, e ki kantite kòb timoun nan ap touche
i) Dat lè travay la kòmanse
j) Nimewo ak dat sètifika a ou pèmi travay pou timoun minè yo te delivre pa Direksyon Travay nan Afè Sosyal.
Rejis sa a patwon an fèt pou toujou genyen’l pre pou’l prezante’l chak lè
genyen enspeksyon travay.

Atik 340.- Tout patwon oswa chèf antrepriz ki anboche ti moun minè ki pa gen okenn otorizasyon nan men yo ap kondane pou yo peye yon amann soti nan 3000 goud rive nan senk mil goud (5000 goud) pa Tribinal Espesyal Travay la sou demand Direksyon travay ak mendèv.
Timoun minè nan sèvis kay moun (Restavèk)

Atik 341.- Pyès timoun ki gen pipiti pase 12 zan pa gen dwa al travay kay moun. Yo pa gen dwa angaje yo nan fè travay domestik ki depase fòs yo.

Atik 342.- Pou yon moun gen dwa gade nan sèvis li youn oswa plizyè timoun men kondisyon li dwe reyini:
a) Se pou’l gen laj 25 kan akonpli.
b) Se pou’l pa gen twou nan manch
c) Se pou l bay prèv lajan lap touche a ka pèmèt li viv, pou’l fè fas a tout obligasyon ke espas sa a ekzije’l.
d) Pou’l pa soufri ak pyès maladi atrapan. Se pou tèt li dwat.

Atik 343.- Pou yon moun angaje timoun nan laj sa yo kòm travayè domestik, kòm sèvitè, se pou’l gen pèmisyon ki delivre pa Enstiti Byen Nèt Sosyal ak Rechèch, ki gen reprezantan nan chak biwo rejyonal Ministè Afè Sosyal.

Atik 345.- Tout moun ki gen sou reskonsablite yo youn oswa plizyè timoun kap sèvi yo, dwe pran kontra ki oblije yo aji anvè timoun sa yo kòm bon papa, ba yo kay pou yo rete, bon rad pou kouvri kò yo, nouriti ki sen pou yo manje, mete yo lekòl oswa voye yo aprann metye, pèmèt yo jwe tankou tout timoun.

Atik 346.- Timoun ki angaje nan kay, pa gen dwa oblije fè travay menajè ki ka nwi a sante yo, anpeche yo devlope, anpeche yo aprann lekòl.

Atik 347.- Li entèdi pou yo fè timoun sa yo travay nan kondisyon sa yo:
a) Nan lè lekòl ap travay
b) Jou dimanch aprè midi ak jou konje (jou fèt)
c) Pandan la nwit
Anplis de sa timoun yo dwe repoze pandan 10 zèd tan.

Atik 348.- Tout moun ki gen lakay yo timoun domestik gen obligasyon pou yo mennen yo chak 6 mwa al nan sant sante pou doktè ekzamine yo. Si timoun yo frape pa yon maladi grav, reskonsab timoun nan dwe deklare sa bay youn nan ofisye Afè Sosyal deziye pou sa.

Atik 349.- Li entèdi pou yo bat timoun ki nan travay domestik yo. Yo pa gen dwa fè yo sibi chatiman sou kò yo, ni nan lespri yo lè yap ba yo pinisyon. Si leta dekouvri ke yon reskonsab mezon ap maltrete timoun jan sa di, ba yo kou pou blese yo oswa komèt kèlkeswa fòm vyolans lan sou timoun, yap drese yon pwosèvèbal pote devan Enstiti Byen Nèt Sosyal pou yo ka achemine’l devan Tribinal Espesyal Travay la ki ap kondane moun ki fotif la pou’l peye domaj enterè ki ap sòti nan 1000 goud pou rive nan 3000 goud an favè timoun nan. Domaj enterè sa yo ap pral nan men paran timoun.

Atik 350.- Depi timoun ki nan kay yo rive nan laj 15 zan, reskonsab mezon yo fèt pou konsidere yo kòm: Travayè Domestik ki ap touche chak mwa. Salè yap peye yo a fèt pou’l egal a salè yo peye tout lòt travayè domestik.

Atik 351.- Nenpòt ki moun ki deside debarase’l de yon timoun ki te domestik li, li dwe fè deklarasyon nan Byen Nèt Sosyal e se pou’l avize paran’l.
Ti moun nan, lè yap remèt li bay paran’l, moun li tap sèvi a dwe bay paran’l dedomajman. Li dwe fè menm jan an tou lè lap chanje kay.

Atik 352.- Pyès reskonsab mezon pa gen dwa san’l pa resevwa otorizasyon IBESR, e san konsantman paran’l, yon timoun ki rete lakay li, ni plase’l nan yon lòt mezon pou kèlkilanswa kondisyon an.


Atik 354.- Direksyon IBESR ap voye asistan biwo a, apre’l fin resevwa a plent reskonsab timoun nan Direktè manm nan kay kote yo gade timoun kòm domestik pou yo mennen yon ankèt sou kondisyon timoun yo ap viv.
• Si ankèt yo montre kote timoun yo tap viv la se nan move kondisyon, Direksyon an ap deside swivan ka a, pou’l remèt timoun yo bay paran yo. Si yo pa gen paran, Direksyon an kapab al mete yo nan men yon pibon fanmi, oswa nan yon enstitisyon ki okipe’l de timoun minè ki pa gen paran.

Atik 355.- Tout reskonsab mezon ki vyole prensip sa yo ap fini devan lalwa. Yap gen pou peye yon amann 1000 goud rive 3000 goud. Menm sanksyon yo ap frape tout moun ki kache timoun yo pat ba yo pou fè yo fè domestik. Se Tribinal Travay sou rekèt Direksyon Byenèt Sosyal yo rele IBESR ki ap aji kont moun nan.


Travay moun fè lakay yo.
(Travay adomisil)

Atik 357.- Travay moun fè nan kay ke yo rele travay adomisil se travay ouvriye pran nan yon atelye kèlkonk pou yal fè lakay yo oswa nan yon lòt kote yo chwazi san yo pa gen patwon, ni sipèvisè kap siveye yo.

Atik 358.- Tout patwon, tout chèf etablisman travay; travay ki okipe zafè agrikilti, atizana, endistri komès elatriye; kelkeswa mòd travay la; tout asistan patwon oswa moun ki demachè ki bay ouvriye travay pou yal fè lakay yo dwe deklare fòm travay sa yo nan Direksyon Travay.

Atik 359.- Patwon ki reskonsab fòm atelye oswa biznis sa yo dwe genyen nan biwo yon gwo kaye kontwòl ki gen rapò ak travay sa yo. Men sa kaye a dwe rakonte ladann:
1) Non, siyati ak adrès ouvriye a
2) Nimewo ti-liv travay li ak nimewo kat idantite’l
3) Metye’l fè byen si se yon ouvriye ki kalifye.
4) Dat kontra travay la kòmanse a dat li fini.
Lajan yap peye ouvriye sa a pa dwe pipiti pase sa yap peye ouvriye andan
Izin ki ap fè menm travay la.

Atik 361.- Si genyen yon domaj ki fèt nan travay yo. Patwon an kapab tire yon frè
Sou salè ouvriye a. Rezon ki kòz retrè lajan sa a, patwon an dwe kominike ouvriye a li ekri sou papye. Si ta gen kontestasyon, Direksyon Travay ap foure bouch nan dosye a kòm abit pou’l ka apresye ki sak gate nan travay yo. Direksyon Travay ap di konbyen kòb yo dwe retire sou salè ouvriye a. Si yo pa rive jwenn pyès antant, afè a ap defere devan Tribinal Espesyal Travay.

Atik 362.- Lajan yap fè ouvriye a peye pou travay ki gate nan men’l pa dwe depase pri ke yon grenn pyès koute, patwon an ap genyen pou’l remèt ouvriye a grenn travay ki gate a.

Atik 363.- Lajan yap peye ouvriye adomisil yo fèt pou vinn nan men yo tout tan yap pote travay yap fè livrezon pou pi plistan chak semèn.

Atik 364.- Tout sa lalwa di sou sitiyasyon moun kap travay andan izin, konsène moun ki pran travay pou yal fè lakay yo tou.

Atik 367.- Patwon an dwe bay ki lè pou livrezon travay yo fèt, yon fason pou travay yo fèt selon sa lalwa di sou tan travay dwe dire, sou jou repo chak semèn yo ak jou ferye yo.

Kontwòl sou antrepriz yo

Atik 390.- Tout moun ki ap itilize sèvis lòt moun pou fè yo ekzekite yon kontra kèlkonk, peye yo pou yo fè yon travay; ke se travay jaden, travay nan atelye, nan izin, nan faktori, nan komès kèlkeswa fòm nan, ke se lekòl kote moun al aprann metye, mezon kote yap ede moun, sila yo ki sou lobedyans legliz yo, se patwon, travay yo bay ekzekite a, kote lap fèt la se yon antrepriz.


Règleman andan travay yo.

Atik 396.- Règleman andan travay se sa patwon ki mèt travay mete sou papye, ke tout moun ki ap travay avè’l dwe konnen e respekte selon lalwa sou kontra travay kolektif, yon fason pou’l di kle, men sa li vle pou moun ki ap travay avè’l yo fè nan kad obligasyon pa yo.

Atik 397.- Tout patwon ki genyen 10 moun ki ap travay avè’l an pèmanans oswa plis moun ankò, dwe tabli règleman moun dwe respekte lè yap travay andan biznis li a.

Atik 398.- Tout règleman, tout kontra travay dwe jwenn akò Direksyon Travay nan Afè Sosyal; règleman sa yo fèt pou ekri nan lang Franse, Kreyòl, sou papye klè tout moun ka li. 15 jou avan règleman yo kòmanse aplike, yo dwe mete travayè yo okouran. Patwon an diwe afiche règleman yo nan pòt antrepriz la pou tout moun ka wè yo.

Atik 399.- Règleman yo dwe di:
1- Lè travay la kòmanse, lè’l lage
2- A kilè travayè yo dwe pran repo
3- Konbyen kòb jounen travay la koute
4- Tout kalite kòb li peye chak kategori travayè
5- Ki jou, kilè, ki kote pewòl la fèt
6- Non moun ki reskonsab tankou: Direktè, Kontab, administratè, manajè, sipèvizè elatriye.
7- Tout kategori travayè ak travay yap gen pou fè.

Atik 400.- Règleman nan travay la dwe fè pati de tout sa, tout ti pwen ki ekri nan kontra travay la a pou chak travayè, ouvriye oswa anplaye ki gen pou’l travay nan antrepriz la.
SA OUVRIYE A DWE BENEFISYE ANDAN IZIN

Atik 438.- Tout travay, enstalasyon oswa izin ki, dapre sa yap fè anndan l fasilite pou fatra tout kalite: fatra di, fatra mou, sa ki gen lwil ladan yo, sa ki gen gaz elatriye, ki ka nwi sante moun ak travayè ki angaje pou travay ladan yo: Se travay sal <<>>.

• Tout travay kote materyèl ki sèvi pou fè travay la, swa jan travay la menm li ye, swa akòz de matyè yo itilize, yo sèvi avè yo, swa akòz de fatra sou fòm dlo, sou fòm gaz, swa paske mèt travay la gade nan depo’l anpil pwodwi toksik, ki fè lawouy, ki ka pran dife, oswa ki ka eklate malgre fòm ak teknik yo itilize pou yo estoke yo: Se travay malè.

• Gen tout yon seri règleman espesyal ke Enspeksyon Jeneral travay prepare ki di aklè ki travay ki sal, ki danjere ou ki prezante yon menas ak ki kalite mezi ki dwe pran pou kontwole tout kategori travay sa yo.

Atik 439.- Se patwon travay sa yo menm ki dwe pran tout mezi ak prekosyon nesesè, men nan men ak Enspeksyon Jeneral travay, pou asire pwoteksyon sante tout moun ki pral travay nan antrepriz sa yo. Sa dwe fèt ak fòs lalwa.

Atik 440.- Si danje ki genyen yo oblije travayè a, itilize rad, ekipman ak pwoteksyon espesyal, se patwon an li menm ki dwe bay yo, se li menm ki dwe netwaye yo, fè sèvis ladan yo ak kòb pal san travayè a pa peye anyen.

Atik 441.- Patwon an dwe mete a dispozisyon yo tout yon gwo kantite mas ak gan, linèt ak senti sekirite ak tout lòt ekipman pou pwoteje zye yo, respirasyon yo, kò yo depi nan pye jis nan tèt. Travayè yo gen devwa pou itilize trè byen materyèl sa yo e patwon an dwe veye byen jan yap itilize materyèl sa yo.

Atik 442.- Travayè yo dwe repare oswa siyale san pèdi tan Direktè Travay la ou a moun ki reprezante’l tout fòm, tout malè ki siyale, yon fason pou yo gen tan kontwole tout sa ki kapab pwovoke aksidan.

Atik 443.- Pyès moun, ke se travayè, anplwaye ou tekniksyen pa gen dwa deranje, deplase, retire, bay pann oswa detwi enstalasyon ak dispozitif sekirite ke règleman yo ekzije, si’l pat resevwa davans otorizasyon Direktè Travay la oswa reprezantan l pou sa.

Atik 445.- Li entèdi pou teknisyen al repare machin ki ap mache. Si se lòt operasyon ki gen danje ladan yo, se gwo mezi ki gen anpil sekirite yo dwe adopte davans pou chak ka.

Atik 446.- Pou travayè ki ap travay nan fè oswa netwaye twourego sa yo rele nan pou tèm : <<>>, twalèt ak tout lòt travay ki fèt anbatè, reskonsab la dwe fabrike davans yon bon kote pou yo pran souf.

Atik 447.- Ouvriye ki ap fè travay ki gen danje ladan yo oswa ki ap kondwi gwo materyèl kap woule dwe pote sou yo rad ak ekipman ki apopriye a travay yap fè a.

Atik 448.- Anvan yon teknisyen sèvi ak yon aparèy ki danjere, li dwe asire’l ke materyèl la pa anpann e li pa reprezante okenn danje pou li. Si gen yon bagay ki sispèk, li dwe avèti patwon an touswit pou’l repare oswa kanpe machinn sa a. Si patwon an vle ou si lap fè neglijans travayè a dwe avèti Direksyon Travay ou otorite polis ki pi pre’l la, ki kapab fè leta konn sa. Afè Sosyal ap fè kanpe machinn nan devan plizyè temwen. Yap siyen yon pwosèvèbal ki reprezante leta yo ni patwon dwe siyen.

Atik 449.- Avan yo mete yon machinn ki nan yon travay, nan konpayi anmach, reskonsab yo dwe avèti ouvriye yo ak yon siyal ke yo konnen.

Atik 450.- Travayè kap travay nan kouran dwe avèti davans sou tout danje ki menase yo. Avan yo kòmanse travay, yo fèt pou mete sou yo ekipman kap pwoteje yo; tankou izolan, gan ak tout lòt materyèl ki ka pwoteje yo.

Atik 451.- Direksyon Travay ap fè antrepriz yo mete anpratik tout mwayen mekanik yo dwe itilize nan kad prevansyon aksidan travay yo swivan branch moun yo ap travay la.
An menm tan Direksyon a ap ekzije fabrik, laboratwa, atelye pou yo adopte mezi sekirite nan fè prevansyon davans pou sekirite moun ki ap travay nan jan antrepriz sa yo.

Atik 452.- Si yon travayè te viktim nan aktivite profesyonèl li paske patwon an pat pran mezi prevansyon yo, kòm yon moun ki envalid, si travayè a pa benefisye pyès reparasyon pou domaj li sibi a, si yon ane pase apre dat li te fin fè aksidan an patwon an ap reskonsab pou’l reyentegre travayè a nan menm okipasyon an ak tout avantaj ke lalwa ekzije.

Atik 453.- Si yon travayè ki viktim nan travay li paka fè dyòb li, patwon an dwe ba’l fè yon lòt bagay swivan kapasite’l, ou byen ba’l promosyon nan pèsonèl li.

Atik 454.- Si patwon an twouve’l devan obligasyon pou reprann nan travay li yon travayè ki te fè aksidan nan menm antrepriz la, nan menm plas li te ye a, patwon an gen dwa revoke travayè ki te ranplase’l la avèk preyavi’l ak tout frè kòd travay la di, moun ki ap ranplase’l la pap gen dwa benefisye kiyès endemnite.

Atik 455.- Lalwa entèdi pou yo konsome alkòl kleren ak dwòg nan lye kote yap travay yo, li entèdi tou pou patwon otorize travayè yo manje, dòmi nan lye kote yap travay ak sou chantye. Patwon an dwe mete yon lokal a dispozisyon travayè yo pou manje ak pou yo dòmi

KONDISYON LAPWOPTE AK SEKIRITE NAN TRAVAY YO


Atik 469.- Chak izin, chak atelye dwe dispoze yon bon kantite twalèt, yon bon
Kantite kabinè ki sèvi ak dlo oswa twalèt ki separe fanm ak gason.

Atik 470.- Kantite twalèt yo, fèt pou yo egal ak yonn pou 25 moun ki se gason, yon twalèt pou 15 moun pou pipiti ki se fanm.

Atik 471.- Poubèl yo fèt pou gen kouvèti e yo dwe plase yo bon kote ak nan zòn
ki resève pou fanm yo. Pòt twalèt yo pa dwe louvri dirèkteman sou lye travay yo
ap fèt.


Atik 473.- Tout etablisman endistriyèl dwe posede kont enstalasyon ki pèmèt moun kap travay yo lave kò yo.

Atik 474.- Enstalasyon sa yo dwe:
a) Separe de lye travay
b) Yo dwe plase yo nan kote yo destine a travayè yo
c) Yo dwe kenbe yo nan bon kondisyon ijèn.

Atik 475.- Antrepriz kote travay yo sal kò moun yo swa avèk bagaj ki toksik, sa ki
bay enfeksyon, sa ki irite po moun, swa se lwil, swa se grès ou pousyè, dwe mete a
dispozisyon travayè yo bon douch pou 6 anplwaye chak lè jounen travay la fini.

Atik 476.- Enstalasyon douch yo fèt pou netwaye avèk swen, desenfekte chak jou
avèk dlo an kantite. Yo fèt pou yo kenbe yo an bon neta (sa vle di solid).

Swen doktè

Atik 477.- Moun ki ap travay nan antrepriz agrikòl, komèsyal, endistriyèl ak tout lòt antrepriz kèlkeswa sa yo ye a, depi antrepriz sa yo gen pou pipiti 20 moun ki ap travay ladan yo, yo fèt pou benefisye sèvis yonn oswa plizyè doktè. Wòl doktè sa yo se pou evite tout pwoblèm sante kay travayè yo, tout maladi antrapan e bay premye swen nan ka ijan yo.
Doktè sa yo fèt pou gen enfimyè ki ap kolabore avèk yo swivan
enpòtans atelye a.

Atik 478.- Men ki jan doktè yo dwe founi sèvis sante nan izin yo:
a- Pou travay ki gen 20 moun yon fwa chak semèn
b- Pou yon travay ki gen 100 moun 2 fwa chak semèn
c- Pou yon travay ki gen 300 moun 3 fwa chak semèn
Izin ki gen plis pase 200 moun kap travay ladan yo fèt pou gen yon
sèvis medikal an pèmanans avèk yon dispansè.

Atik 479.- Izin, atelye, faktori, komès elatriye ki site deja yo, dwe genyen sèvis
tout tan, enfimyè diplome pou sèvis travayè yo. Men ki jan yo repati:
* Chak etablisman travay ki gen 50 a 200 salarye yon enfimyè.
* Etablisman travay ki gen 200 a 500 salarye 2 emfimye.
* Sa ki gen pi plis pase 500 salarye yon enfimyè anplis pou chak
gwoup 200 salarye.
* Famasi Sekou ki gen materyèl yo bay premye swen ak medikaman
an kantite fèt pou plase kote yo ka jwenn yo kote ki gen bezwen.


Sa kòd travay la pini nan ka sa yo (Dispozisyon Jeneral)
Tout patwon, Direktè antrepriz elatriye ki pa respekte sa chapit sa a di lalwa ap
kondane yo pou yo peye yon amann ki soti nan 200 goud pou rive nan 2000
goud ak 15 jou prizon fèm.
Si patwon an refè menm zak yo kodanasyon an ap double.
YON KAT SANTE POU CHAK TRAVAYÈ

Atik 481.- Tout travayè yo anboche na antrepriz agrikòl, endistriyèl, komèsyal an
Jeneral, tout moun ki ap fè yon travay manyèl, entèlektyèl ki vann oswa lwe sèvis
Yo nan yon antrepriz ou yon sosyete pou yon salè sou baz yon kontra travay
eksprès; pwofesè ak siveyan, etablisman lekòl, piblik ou prive; moun ki ap travay
nan lopital oswa nan klinik yo dwe genyen yon kat sante ke patwon an
bayo gratis 3 mwa aprè yo finn ba yo travay la.

Atik 482.- Men sa kat sante a fèt pou gen ladann.
• Rezilta analiz ak ekzamen doktè: reyon x poumon, gwoup sangen, kahn, R.H. Ekzamen sa yo fèt nan lopital OFATMA ki se sèl òganis ki chaje pou fè yo; se alèd de sa pou yo delivre kat sante a.

Atik 483.- Sèvis Kat Sante OFATMA ap fè travayè a peye 50 goud chak ane. Lajan Sa a yap depoze li sou yon kont espesyal ki rele: KONT KAT SANTE, lap sèvi pou kouvri tout frè laboratwa ak ekzamen doktè.

Atik.484- Nan premye jou ouvèti ane fiskal la, sèvis kat sante OFATMA ap voye
bay tout patwon ki dwe daprè lalwa founi sèvis sa a bay moun kap travay avè l yo,
anplis yon fòmilè ki deklare antrepriz la eksiste ap gen pwen sa yo:
1- Non patwon an, adrès li
2- Rezon sosyal antrepriz la, adrès li ak ki jan de travay li ye.
3- Lis tout travayè yo ak 3 foto idantite san manke yon yota.

Atik 485.- Fòmilè sa a fèt pou siyen e retounen bay patwon an ak sèvis kat sante
OFATMA nan yon dèle 8 jou pou evite patwon an peye amann.
Depi yo finn resevwa fòmilè sa a patwon an ranpli epi siyen OFATMA
ap kalkile kantite kòb patwon an dwe swivan kantite kat sante li mande.

Atik 486.- Kat sante a OFATMA ap konsève’l e lap remèt travayè a yon sètifika ki delivre pa doktè antrepriz la yon fotokopi kat la dwe fè pati dosye ouvriye a.
Men sa sètifika kontwòl sante a dwe gen ladan’l:
* Non ak siyati;
* Adrès;
* Gwoup sangen
* Non izin oswa travay la

Atik 487.- Tout patwon ki an kontravansyon ak chapit sa a, ap kondane pou yo peye yon amann 50 goud pou chak kat sante plis 50 goud atik 483 a mansyone.
Depi patwon an pa vle peye; leta ap angaje lajistis kont li e tribinal ki
fèt pou sa ap kondane’l pou’l pase yon mwa rive 6 mwa prizon.


SA LALWA DI SOU ASIRANS SOSYAL YO

OFIS NASYONAL ASIRANS VYEYÈS (ONA)

Atik 176.- Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès se yon divisyon teknik Enstiti Asirans
Sosyal Peyi Ayiti li gen pwòp fason pal pou’l mache. Li se you kes, you bank kote lajan Ouvriye yo ye.
Syèj sosyal li se nan pòtopwens li ye. Li gen biwo’l ki tabli nan vil
pwovens yo tou swivan posiblite ki prezante.


Atik 177.- Men wòl ONA: asire tout moun ki ap travay nan sektè komès, endistri,
Sektè agrikòl e moun ki tap travay pandan plizyè ane ki rive nan yon sèten laj, e
ki frape pa maladi oswa enkapasite fisik ak mantal. ONA ap peye yo dapre sa yo
te fè, yon lajan ki pou pèmèt yo mennen yon vi miyò swivan kantite ane yap travay.
ONA asire tou moun ki depann de asire yo, lè yo mouri yon pati nan pansyon’l yo.
ASIRANS VYEYÈS LA OBLIGATWA

Atik 178.- Men moun ki oblije asire nan ONA dapre sa lalwa mande:
2- Moun ki ap travay nan antrepriz komèsyal, endistriyèl, agrikòl an jeneral; tout moun ki ap fè yon travay keseswa ak men yo ou ak sèvo yo e ki ap touche yon lajan pou sa; tout moun ki lwe sèvis yo bay yon patwon daprè yon kontra travay eksprès ou nan bouch.
3- Pwofesè etablisman anseyman (lekòl) prive, layik ou relijye
4- Moun ki ap travay nan klinik ak nan lopital prive.
5- Moun ki ap viv an Ayiti e ki dapre yon kontra travay deplase pou al fè yon travay aletranje pou patwon yo sou kèlkeswa fòm nan.
6- Direktè, administratè konpayi; Sosyete ak etablisman endistriyèl, kòmès, agrikòl ke yo konsidere yo dapre plas yo okipe e non dapre karaktè aksyonè ou asosye ke yo genyen.
7- Moun nan peyi a ki ap travay pou enstitisyon entènasyonal yo ak gouvènman etranje yo.
8- Tout moun ki ap resevwa yon salè fiks de yon antrepriz kèlkonk.

Atik 179.- Men moun ki pa oblije peye ONA:
1- Etranje ki benefisye privilèj espesyal ak moun ki gen iminite diplomatik, moun ki benefisye ekzansyon fiskal an patikilye.
2- Manm kominote relijyèz yo ki ap ekzèse misyon yo.
3- Swa mari oswa madanm ki ap travay pou yonn, oubyen pou lòt ak timoun minè ki gen pipiti pase 18 lane ki ap travay pou paran yo san yo pa resevwa yon salè sou fòm lajan.
4- Fonksyonè, militè, anplwaye ak salarye nan administrasyon ak òganis ki ap peye anba yon rejim pansyon sivil depi yo pap ekzèse sou kote yon dyòb peye nan yon antrepriz komèsyal, endistriyèl ak agrikòl.
5- Moun ki benefisye pansyon Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès la.
6- Moun ki pap fè okenn aktivite pou lajan.



ASIRANS TRAVAY MALADI AK MATÈNITE
OFATMA

Atik 24.- Rejim asirans sosyal sa a, jan kòd travay la di’l, li kouvri tout ris aksidan travay maladi ak matènite, men Direksyon jeneral la gen dwa daprè sa Konsèy Administrasyon an di aprè Ministè Afè Sosyal fin dakò, yo ka bay asirans maladi ak matènite moso pa moso fason sa a :
1- Aprè yo fin etidye posiblite pou anrejistre patwon an, travayè a ak moun ki sou kont li ke asirans lan kouvri.
2- Posiblite pou resevwa kotizasyon yo.
3- - Posiblite pou yo founi avèk efikasite sèvis ak prestasyon ke lalwa preskri.
Atik 25.- Men moun ki pa oblije asire nan OFATMA.
1- Fonksyonè leta ak administrasyon leta kontwole (komin, bank elatriye).
2- Patwon, travayè, jounalis antrepriz agrikòl, endistriyèl, komèsyal an jeneral tout moun ki ap travay ak men yo ou ak sèvo yo ki prete sèvis yo pou lajan; sila yo ki vann sèvis yo bay yon patwon swivan yon kontra travay eksprès, klè.
3- Pwofesè ak siveyan etablisman ansèyman prive yo.
4- Moun ki ap travay an domestik kay moun yo peye swa an lajan ou sou lòt fòm.
Atik 26.- Men moun yo pap oblije asire nan OFATMA :
• Mari oswa madanm ki ap travay ansanm youn pou lòt ak timoun ki gen pipiti pase 18 tan ki ap travay pou paran yo, lakay yo san yo pa resevwa yon salè ni sou fòm lajan ni sou lòt fòm.
• Militè, sòlda ki nan sèvis.
• Monsenyè, Pè ki ap travay nan kad sasèdòs yo.

Atik 28.- Ofis Nasyonal Asirans Travay Matènite ak Maladi kapab laji sèvis li bay lòt moun yo nou site pi wo a, lòt moun yo tout avèk fanmi yo daprè yon kontra ki oblije yo peye yon kotizasyon nòmal pou kouvri sèvis yo ak tout frè administrasyon ki sòti nan kontra a.

Atik 29.- Asirans OFATMA kont aksidan travay ak maladi, akouchman jan lalwa di’l, ap administre pa OFATMA.

Atik 30.- Men moun yo pap konsidere kòm viktim aksidan travay e ki pap resevwa anyen nan men OFATMA:
1- Travayè ki fè aksidan lè yo bwè alkòl, lè yo sou.
2- Lè se moun nan menm ki pwovoke aksidan an.
3- Lè se travayè a ki eseye tiye tèt li, fè tèt li mal, lè se ak volonte’l li fòse aksidan an rive.

Atik 32.- Lajan patwon an dwe peye pou asirans se: 2 pousan pou antrepriz komèsyal, 3 pousan pou antrepriz agrikòl, izin ak faktori, 6 pousan pou moun kap travay nan min ak nan karyè.
Pa arete prezidansyèl, lè yap konsidere tout ris ki genyen souvan jan antrepriz yo travay e sou rekòmandasyon Ministè Afè Sosyal; leta kapab ogmante montan asirans yo.

• Depi travayè a genyen 3 mwa nan travay li patwon an dwe fè OFATMA ba li yon kat sante. Pou kat sante a, travayè ap peye 50 goud chak ane. Se patwon an kap peye’l. (Atik.483 kòd travay la)

• La lwa prevwa yon asirans vyeyès pou chak ouvriye: genyen yon enstitisyon yo rele ONA ki okipe’l de sa.
• Tout moun ki asire nan ONA dwe benefisye pansyon sa a. Si se lè yo genyen 55 ane pou pipiti fòk li te bay yon kotizasyon pandan 20 ane pou pi piti (Atik.183, Dekrè 28 septanb 1967, kòd travay paj 348).

Boni

Atik 154.- Ant dat 24 rive 31 desanm chak ane, tout patwon dwe peye ouvriye yo
yon salè oswa yon 13 zyèm mwa yo rele: Boni.
* Antrepriz ki pa bay dyòb peye elatriye ki anrejistre nan Afè Sosyal e ki
benefisye avantaj pou yo fonksyone konsa yo pa peye Boni ladan yo.

Atik 155.- Lajan Boni an pa dwe pipiti pase sa ouvriye a reyalize pandan 12 mwa
Travay nan ane a, ke se lajan, ke se lòt bagay, ke se kay oswa komisyon.

Atik 156.- Depi ouvriye a revoke, yo dwe peye’l akote dedomajman si’l te fè
Aksidan sou travay la menm, preyavi, konje, Boni.

Atik 157.- Boni tout nouvo ouvriye dwe kontwole swivan kantite mwa travay li
founi pandan ane a.

Atik 158.- Tout moun, patwon oswa ouvriye ki vyole dispozisyon sa a nan kòd
travay la ap kondane pou peye yon amann sòti 1000 goud rive 3000 goud pou
chak enfraksyon. Se tribinal Espesyal Travay la ki ap pwononse jijman sa a sou
rekòmandasyon Direksyon Travay ak mendèv san pyès prejidis ni domaj enterè
nan avantaj enterese.

Tribinal travay la
 Tribinal travay la se yon enstitisyon leta mete sou pye pou pote solisyon nan tout chire pit ki genyen nan travay keseswa nan atelye, nan izin, nan fabrik, nan komès elatriye.
Se lwa 3 septanm 1979 la ki kreye tribinal sa a. Gen yon dekrè 30 desanm 1988 ki modifye lwa sa, se nan jounal Monitè 13 fevriye 1989, dekrè sa pibliye pou fikse regleman tribinal travay la.

Wòl li Jwe

Atik 488.- Tribinal travay gen konpetans an jeneral pou tande tout chire pit ki genyen nan kad kontra travay, ke se kontra pou aprantisaj elatriye; Tout afè ki reprezante yon litij ki gen relasyon ak vyolasyon kòd travay la.
Tribinal la tande tout afè aprè gen demand ki fèt, li rann jijman pou dedomaje pati ki gen rezon nan kad konfli travay ki mansyone deja yo. Men tribinal la pa gen konpetans lè gen litij ant leta, komin yo, antrepriz leta ak moun kap travay ladan yo.
Domaj-enterè tribinal la bay aprè yon jijman fèt pou respekte, yo pa dwe depase yon lajan ki plis pase 12 mwa travay ouvriye a.

Atik 490.- Si nan yon ka kote lè yo fèmen yon travay salè ouvriye yo ak lòt frè dwe resevwa pa garanti, Tribinal Travay la sou demann Direksyon Afè Sosyal kapab rann yon jijman pou entèdi yo leve tout mèb ak tout materyèl ki nan izin ki fèmen an, jistan tribinal la jwenn yon regleman definitif nan sitiyasyon sa a.

Atik 491.- 48 tè apre tribinal la fin resevwa rekèt Direksyon Travay, Dwayen tribinal la ap envite pati ki enterese yo ak reprezantan yo nan lèt ekri sou papye pou yo prezante yo nan jou, dat ak lè tribinal la fikse.
Tribinal la ka ekzije pou pati yo prezante an pèsòn, sil jije sa nesesè.

Atik 492.- Si youn nan pati tribinal la konvoke yo pa prezante, tribinal la ap rann brit sou kou yon jijman pou ekzije pati ki apsan an pou’l prezante nan lòt jijman kap fèt la.
Jijman sa a pap ni leve, ni siyifye. Si malgre somasyon sa a menm pati a refize konparèt, tribinal la ap tande pati ki prezante a e lap jije afè a san fòs kote. Jijman yap rann nan lap definitif.

Atik 493.- Pati ki an konfli yo dwe gen nan men yo pouvwa sou papye lib. Avoka ki ap reprezante yo a pap bezwen bay yon pwokirasyon. Pati yo gen dwa depoze tout demann yo sou papye ekri.

Atik 494.- Yon dam ki marye, menm si se plent lap vin pote, menm si defann lap vin defann tèt li devan tribinal la, pap bezwen otorizasyon mari’l. Se menm jan an tou pou timoun minè ki poko gen 18 tan ki apranti oswa anplwaye, yo pap bezwen otorizasyon paran yo, ni lòt moun ki reskonsab yo.

Kouman yon Ouvriye ka pote yon Afè devan Tribinal la?

Atik 499.- Travayè ki fè demann nan Direksyon Travay pou yal nan tribinal la pa gen dwa peye sen kòb. Nan ka sa a komisè gouvènman an dwe asire defans salarye a.
Pati ki pèdi a ap kondane pou’l peye tout amann yo.

• Vèdik jijman yo yap rann 3 jou aprè tribinal la fin tande yo e 48 tè aprè jijman an fin pwononse, tribinal ap bay ekspedisyon a tout pati ki enterese yo, a Direksyon Travay sou bon swen grèf tribinal la.

Atik 504.- Manb tribinal yo ap oblije retire kò yo, sa vle di yap rekize yo anvan, pandan odisyon tout afè nan ka sa yo:
1- Si yo se paran oswa alye avèk youn nan pati yo jis degre kouzen jèmen.
2- Si yo te bay yon opinyon ekri nan afè a.
3- Si yo se patwon oswa ap travay ak yonn nan pati ki ankòz yo.
4- Si pandan afè a nan tribinal genyen dout lejitim kont yo.

Atik 505.- Pati ki vle rekize youn nan manb Tribinal yo dwe fòme rekizasyon lap fè a nan yon deklarasyon ki ekri sou papye. Deklarasyon sa a dwe genyen ladan’l koz ak rezon demann lan, pou yo remèt li nan grèf Tribinal la.
Si moun ki fè rekizyon an pa aji konsa, Dwayen an, oswa sil pa la, pi ansyen jij la ap tande ka a sou plas.


Atik 513.- Patwon oubyen ouvriye ki vyole yonn nan atik kòd Travay la, zak sa a ap bay Direksyon Travay dwa pou’l sezi Tribinal Travay la dapre yon rekèt pou’l kondane pati ki an kontravansyon an. Yap remèt ansanm ak rekèt la, pwosèvèbal enspektè travay la ak tout lòt prèv ekri ki montre aklè vyolasyon sa a. Si nan ka sa a, yo pat prevwa yon amann; sa Tribinal ap fè peye a se 5000 goud lap ye.





























vendredi 1 janvier 2010

Haiti, Terre de Fierte et de la LIBERTE, Message du Nouvel an de AUMOHD

Port au Prince, le 1er Janvier 2010

MESSAGE DE AUMOHDA L’OCCASION DU NOUVEL AN 2010
Par : Me. Evel FANFAN,
PEUPLE HAITIEN,FRERES ET sœurs BIEN - AIMES,CAMARADES ET MEMBRES DE AUMOHD,SUPPORTEURS NATIONAUX ET INTERNATIONAUX
Peuple haïtien, peuple vaillant et HEROIQUE, premier du monde NEGRE libre et indépendant, deuxième Etat nation souverain du Continent Américain, vous avez de quoi a être fier en dépit de nos douleurs actuelles. Vous êtes le premier qui, a INITIE et TRACE le chemin de la LIBERTE, au prix de grands sacrifices pour dire NON à l’esclavage BARBARE inventé par la méchanceté et la cupidité de certains des peuples de l’occident qui se croyaient être les CIVILISES du monde.Grâce à l’intelligence, la vision anticipatrice du plus Grand Nègre de toute l’histoire de l’humanité, le Général, Père et fondateur de cet Etat Nation d’Haïti, Jean Jacques DESSALINES, nous avons cette Terre, cette patrie chérie, Haïti, cette portion du Continent de la terre précieuse où, depuis le 18 Novembre 1803, à Vertières nos frères Nègres de esclavage étant ont envoyé le signal déterminé et de Non-retour de cette marche vers la civilisation HUMAINE, vers la liberté, le respect des droits et la dignité humaine. L’armée de Napoléon, la plus puissante et belliqueuse de l’époque se voyait obligée de signer leur reddition SANS condition pour vider les lieux de l’Ile d’Haïti.Alors, peuple Haïtien, peuple courageux et vaillant, vous avez à votre actif une histoire à nulle autre pareille. Vous avez engagé et gagné la révolution la plus phénoménale de tous les temps. Seule votre révolution a cette portée pluridimensionnelle : d’abord, *une révolution sociale, des pauvres oppressés contre leurs maîtres oppresseurs--- *une révolution anti-raciale des noirs réduits à néants contre des BLANCS et Mulâtres qui se croyaient supérieurs. *Une révolution civile, des noirs et des Mulâtres dénonciateurs contres des noirs et des mulâtres complices du système esclavagiste. *Une révolution mondiale, contre la France, l’Espagne, l’Angleterre et leurs complices. *Une révolution d’indépendance, d’une colonie exploitée contre une métropole Française exploiteuse.
Au berceau de notre indépendance, nous étions mis en QUARANTAINE et conduit en situation difficile par ceux-là à qui nous avons bel et bien fait la leçon de l’humanisme et le sens de la GUERRE POSITIVE. Les puissances colonialistes et Néo-colonialistes n’ont jamais accepté cet état de fait qui aboutit à leur défaite du 1er Janvier 1804, et travaillent conséquemment à entraver cette trajectoire des nègres civilisés d’Haïti, tracée au prix du sang pour le respect des droits et la dignité de la personne humaine.Malheureusement, par leur ruse perfide, ils appliquent encore contre nous, la recette de Charles Leclerc qui faisait croire à Napoléon Bonaparte que la seule façon de CORRIGER ces nègres d’Haiti dans cette folie pour la liberté est de travailler à ce qu’un jour leurs fils et leurs petits fils diront qu’ils regrettent que leurs ancêtres (Dessalines, Toussaint, Capois, Clerveau, Yayou et les autres …) aient pris ce chemin de la liberté.Ainsi, notre Etat Nation, notre Haïti chérie a été, pendant plus de deux siècles, divisé, humilié et avili. Les forces occultes anti- Nègre, ont pu diviser le pays pour régner entre nos simples différences de vue. Le rêve de Charles LECLERC semble se réaliser, car pendant deux siècles et plus, nous avons connu l’humiliation, le mépris, la défaite et la misère de toutes les couleurs. Nous avons été envahis et occupé pendant plusieurs fois. Du reste, nous sommes, en dépit de tout, fiers, très fiers de nos Ancêtres, de nos parents NEGRES, de la vision de Dessalines, de Toussaint et des autres qui nous ont légué cette Patrie chérie.Peuple Haïtien, Compatriotes de mon pays,Dirigeants et dirigés, Camarades de AUMOHD,
La situation du pays est extrêmement grave, préoccupante et intolérable, une occupation qui ne dit pas son nom, l’environnement du pays, la sante, la justice, l’éducation tous les secteurs sont en crise. AUMOHD est persuadée que la solution véritable que nous recherchons ou aspirons ne peut pas se trouver dans la logique simpliste de culpabiliser les uns et d’innocenter les autres. Car, le mal d’Haïti est imputable à nous tous et nous en sommes tous coupables, soit par action et/ou par d’inaction. Il revient à nous tous, aujourd’hui, 1er Janvier 2010, soit 206 ans de notre indépendance de faire le sursaut, le dépassement de soi, de prononcer notre Mea culpa, et en conséquence de travailler à la reconstruction d’Haïti, de redonner à notre Patrie chérie son éclat d’antan

A ujourd’hui, 1er Janvier 2010, année de la bénédiction et de la révolution pacifique, AUMOHD, en profite pour lancer un appel de détresse à tous les fils et filles d’Haïti, à tous les enfants, à tous les jeunes, à tous les vieux de partout de la patrie aimée, pour leur dire que notre chère Haïti est souffrante à cause de nos indifférences, de la division et de la haine. Elle ne peut plus en souffrir, et le seul remède qu’elle attend de nous, c’est de nous voir définitivement main dans la main, tête à tête, coude à coude, pour la reconstruction d’un état de droit, basé sur le respect de la personne humaine, axé sur la légitimité politique, la participation Citoyenne et Sociale.
A vous tous, représentants des trois pouvoirs, a vous tous de la presse, à vous tous les juges, de notre appareil judiciaire, décrié par la clameur publique alors que la justice élève une nation.
A vous tous, Secteur privé comme public, à vous tous, professionnels et cadres du pays, à vous tous, courageux paysans, cultivateurs, Travailleurs et exploités ouvriers, à vous tous, Commerçants, Hommes d’affaires, à vous tous, braves étudiants, à tous, les écoliers exposés au fléau de la misère et de la faim ;
A vous toutes, Femmes courageuses et vaillantes qui luttent encore, à vous tous Frères et sœurs de la diaspora généreuse, grâce à vous…, à vous tous, amis et supporteurs de AUMOHD et de la justice,

A vous tous, représentants des ONG Nationales et Internationales qui apportent une pierre constructive au chantier continu d’Haïti, à vous tous, Organisations Sœurs qui luttent dans des conditions de sacrifice pour la défense, le respect des droits et dignité de la personne Humaine ;
A tous les représentants et personnels des Ambassades étrangères, à tous ceux, qui, de près ou de loin qui partagent sincèrement nos souffrances, nos misères, nos douleurs et nos déceptions amères, à tous les opprimés, à toutes les victimes de Cite soleil, de Grand Ravin, de Plateau Central et autres , à tous les oppressés, à tous ceux qui souffrent de la prison injustement, AUMOHD Souhaite une bonne et heureuse année 2009 dans la paix, une année de GRANDE BENEDICTION, une année de changement, de fraternité, de pardon et de prospérité dans l’union fait la force.
Non à l’injustice !Non à la haineNon à la divisionNon à la discriminationNon à l’occupationVive une Haïti libre et souveraineQue Dieu bénisse, veille et protège Haïti !Que Dieu bénisse et garde tous les peuples du monde !

Me. Evel FANFAN,Président AUMOHDAction Des Unités Motivés pour une Haïti de Droit19, Delmas 49, Route de DelmasPort au Prince, Haiti (WI)Phone: (509) 4297129 and (509) 7548022 E.mail: fanfanmel@yahoo.frAumohddwamoun@yahoo.fr Blog: aumohddwamoun.Blogspot.com,