dimanche 13 septembre 2009

10 komandman sou dwa Ouvriye ak travaye yo

Bonjour,
Jodia group ki pi pov yo nan gwo difikilte pou reziste anba strategi imperialist la. En Haiti, bagay la pi grav paske pa ken leta ki pou proteje group sa yo kont kapris system nan.
Se konsa, group ki pi frape denye jou sa yo se travay yo malgre gwo diskou ak bel pawol situasyon vin pi konplike chak jou pou travaye ak Ouvriye yo. Anpil sindika ki te nan kan pep la chanje figi ou leta a achte yo, se ka pou anpil ki te pran pozisyon cle sou sale minimum nan a 200 Goud.

Pou chanje situasyon sa a AUMOHD ak CSI mete sou pye you gwo programm ki rele ALST, ki vle di: Assistans Legal ak Solidarite ak Travaye yo. Tout Ouvriye ak travaye ki revoke ilegalman, travaye yo pesekite, Fanm yo fe aselman sexuel ak lot anko ka jwen assistans gratis ti cheri nan AUMOHD devan Direksyon Travay ak Tribunal Travail. AUMOHD mete tou you programm assistans "on line" kote moun ki viktim nan ka rele Gratis ti cheri pou mande konsey sou ka li

Soti Juin rive Septanb group AVoka AUMOHD yo ede 48 moun ki rele mande konsey sou ka yo, AUMOHD/CSI ede 14 Ouvriye TRavaye devan Direksyon Travay la. Landan yo 4 Ouvriye deja jwen anba anpil redi Prestasyon ledal ak dedomajman yo.

AUMOHD bay fomasyon sou dwa ak devwa Ouvriye Travaye yo, 3 group deja jwen fomasyon sa. 28 Septanb pral 3e fomasyon pou you lot group travaye.
Yes we can do somthing, Just do it
NOu pa gen anpil lajan men nou gen anpil volonte ak deteminasyon fok sa chanje.

OU ka ede nou pou dwa ak dignite Ouvriye travaye yo respekte.

Vizite blog nou wa we pils bagay: aumohddwamoun.blogspot.com

Di nou sa w panse!


Me. Evel FANFAN
Prezidan AUMOHD
19, Delmas 49

Aucun commentaire: